Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Friday, August 10, 2012

M genyen yon kesyon gramatikal. M ap li yon liv ki rele "Epi yon jou konsa tèt Pastè Bab Pati." Gen yon fraz (paj 48)"..otorite sou katye a te reyini ap jwe kat, bay blag, epi bwè gwòg yo." Yo itilize "ap" aprè yon vèb. Eske sa gen sans? Kisa sa vle di?

Mezanmi o!  Tit liv sa a long :)
Li sanble yon liv trè enteresan.

Konsènan kesyon ou an, mwen ta renmen ou gade plasman 'AP' nan yon lòt fason.
Pa panse yo mete 'AP' apre vèb reyini,
Men, panse pito yo mete 'AP' anvan vèb jwe, bay blag, ak bwè .

look at it this way:
Otorite | sou katye a | te reyini |  ap jwe kat  | ap bay blag |epi | ap bwè gwòg yo.
The big shots on the neighborhood got together playing cards, giving jokes, and drinking their beer.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

4 comments:

  1. Wow! Mèsi! M panse m va genyen anpil lòt kesyon pou ou! -Wil

    ReplyDelete
  2. mwen pa ka tradui tit la liv la.
    "Epi yon jou konsa tèt Pastè Bab Pati"
    mèsi anpil.

    ReplyDelete
  3. Epi | yon jou | konsa | tèt Pastè Bab | pati. |
    And then | one day | like that | the head of Pastor Bab | left.| literally
    And then one fine day Pastor Bab lost his head. meaning

    tèt pati is an expression for going crazy, losing one's mind

    ReplyDelete