Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, December 10, 2012

Kisa wap fè ak kowosòl yo anvan?

Kowosòl se youn nan bon fui w'ap jwenn nan peyi Ayiti.
Si lè'w keyi l, li toujou wòwòt (unripe), ou kapab toufe li (cover and keep it warm to ripen it) ak kèk papye jounal pou l ka vin mi (ripe).
Granmoun kou ti moun jwi benefis fèy kowosòl yo bay.  Yo itilize l pou fè te (tea) pou grip.  Yo itilize te sa a tou pou bay ti bebe ki gen kolik e ki pa ka dòmi leswa. Gen moun ki bouyi fèy kowosòl la, enpi yo benyen ak dlo a. Gen lòt ki fè konpress pou maladi tèt ak fèy yo.  Po kowosòl la gen anpil fib (fiber) ladan l.  Lè w'ap fè ji blende (smoothie), ou kapab blende enpe nan fèy yo tou.  Sa ede w pouse manje nan trip (intestines) ou trè byen.  Ou p'ap bezwen redi lè ou prale alasèl.
An Ayiti, yo sèvi ak kowosòl anpil pou fè ji blende ak krèm.  Mwen poko janm goute yon ji ki bon tankou kowosòl.
Lè ou fin sèvi ak kowosòl la, ou kapab plante grenn yo pou nou grandi plis pye kowosòl toujou.
Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment