Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Tuesday, January 15, 2013

somewhere, nowhere, everywhere, anywhere, elsewhere. Also somehow, nohow, and anyhow. somebody(someone), nobody(no one),and anybody (any one). Lastly, something, nothing, anything. I know it's a lot but other people can benefit from your explanation.


Ayayay, dwèt mwen fè'm mal nèt jodi a :)

somewhere → yon kote, kèk kote (somewhere, some places, anywhere)
1. Lè ou jwenn travay la, w’ava chwazi yon kote ki pre pou abite.
    When you get the job, you'll choose somewhere close by to live.

2. Eske w’ap mennen’m yon kote pou fèt mwen?
    Are you taking me somewhere for my birthday?

3. Eske ou pral kèk kote jodi a?
   Are you going somewhere today?

nowhere → okenn kote, ankenn kote, pyès kote 
4. Dimanch m’ap lakay mwen. M pa gen pyès kote pou m ale.
    I’ll be home on Sunday.  I have nowhere to go.

5. Mwen te pèdi ti chen m nan. Mwen te chache li, men m pa’t ka jwenn li okenn kote.
    I lost my puppy. I looked for her, but she was nowhere to be found.

everywhere, → tout kote, toupatou, nan tout rakwen
6. Tout kote misye pase li bay pwoblèm.
   He brings trouble everywhere he goes.

7. Nouvèl la gaye toutpatou.
   The news is everywhere.

anywhere → nenpòt kote, nenpòt ki kote, kèlkeswa kote (wherever)
8. Eske ou kapab itilize lisans pwofesyonèl ou nenpòt kote nan peyi a?
    Can you use your professional license anywhere in the country?

9. Fè kòm si ou  te lakay ou.  Ou mèt kouche nenpòt kote ou vle.
    Make yourself at home.  You may lie down anywhere you want.

elsewhere (somewhere else)→ yon lòt kote, lòt kote
10. Plas sa yo se pou mwen ak fanmi’m.  Al chita yon lòt kote.
     These seats are mine and my family’s.  Go sit elsewhere.

11. Apre siklòn nan, tout touris yo pati pou al lòt kote.
     After the hurricane all the tourists left to go elsewhere.

somehow → yon fason ou yon  lòt, yon jan, yon fason, yon mannyè
12. Mwen pa konn kijan l fè l, men yon fason ou yon lòt li te pase egzamen an.
      I don’t know how she did it, but somehow she passed the exam.

 13. M konnen w ou pa gen kòb e ou p’ap travay, men yon fason ou yon lòt ou dwe evakye apatman an demen oplita.
      I know you have no money and no job, but somehow you must evacuate the apartment by tomorrow.

No how  (no way, no how, no means?) → ankenn fason, oken fason, okenn mannyè, okenn mwayen
14. M konnen ou bezwen lajan an, men pa gen okenn mwayen pou ede w.
      I know you need the money, but I have no means to help you.

15. Boul la twò wo nan pye bwa a. Pa gen oken fason n ka retire l.
     The ball is too far up the tree.  There’s no way for us to retrieve it.

Anyhow (anyway) → nenpòt fason, nenpòt jan, nenpòt mannyènenpòt ki fason/jan/mannyè (whichever way) 
16. Lekòl la pa bay inifòm.  Elèv yo mèt abiye nenpòt fason yo vle.
     The school has no uniforms.  The students may dress as they wish.

17. Ou pa ka parèt devan jij la nenpòt ki fason.  Ou dwe prepare.
      You cannot come to judge in whichever way you please.  You must pe prepared.

somebody(someone) → yon moun
18. Gen yon moun ki nan pòt la.
     There’s someone at the door.

19. Yon moun ta dwe montre fanm sa kouman pou l abiye.
     Someone should teach that woman how to dress.

nobody(no one) → ankenn moun, okenn moun, pyès moun, pèsonn
20. Pyès moun pa janm wè Bondye.
     No one has ever seen God.

21. Li pa respekte pèsonn.
     She respects no one.

anybody (any one) → nenpòt moun, nenpòt ki moun, nenpò kilès, pèsonn (no one, not anyone)
22. Nenpòt moun kapab vin prezidan, men se pa tout moun ki pa dirije yon peyi.
      Anyone can become president, but not everyone can lead a country.

23. Yon fwa ou kite kay la, pa ret pale ak pèsonn.
      Once you leave the house, do not stop to talk to anyone

something → yon bagay, kèk bagay, yon koze, yon zafè, yon choz, yon kichòy
24. Mwen gen yon bagay pou ou.
      I have something for you.

25. Gen yon bagay ki pase mal pandan operasyon an.
      Something went wrong during the surgery.

nothing → anyen, pyès bagay, okenn bagay
26. Anyen pa fè m pè.
      Nothing scares me.

27. Mwen pa santi anyen pou li.
     I feel nothing for her.

anything → nenpòt bagay, nenpòt ki bagay, okenn bagay, nenpòt koze, nenpòt kichòy, anyen
28. Jenn moun, sou Facebook, ekri nenpòt koze.  Yo pa konnen si sa ka swiv yo.
     Young people, on Facebook, write anything.  They don’t know if that can follow them.

29. Doktè yo pa wè anyen mal nan radyografi a.  Mwen panse sa se bon nouvèl.
     The doctor hasn't found anything wrong on your x-ray.  I think that is good news


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

4 comments: