Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, March 3, 2013

Nan Magazen Soulye a (Audio)

Download link for audio:
Click here to download…

To listen to this audio, click on the play button and follow along :)
 

Eskize m silvouplè, eske n gen soulye a kranpon pou foutbòl?
Excuse me please, do you have cleats for soccer?

Non mesye. Nou pa genyen yo nan magazen an pou lemoman.
No sir. We don't not have them in the store at this time.

Eske w kapab di mwen kibò mwen kapab jwenn youn?
Can you tell me where I may be able to get one?

Nou pa pote yo nan magazen an, men ou kapab achte youn sou kòmand.
We do not carry them in the store, but you can order one?

Ah wi? Si m kòmande yon pè jodi a, konbyen tan sa va pran pou m jwenn li?
Is that right?  If I order a pair today, how long will it take me to receive it?

Sa kapab pran w apeprè de(2) semèn konsa.  Eske ou ta renmen mete yon kòmand?
That may take about two weeks.  Would you like to put an order?

Wi, mwen ta renmen fè sa.
Yes, I'd like to do that.

Dakò. Men yon fòm pou w ranpli.  Ekri enfòmasyon w ladan l.  Konsa, nou va kapab rele w vin chache l lè l vini.   Eske se yon sèl pè ou vle?
Great.  Here's a form to fill out.  Write in your information.  This way, we will be able to call you to pick it up when it gets there. Do you only want one pair?

Non. Mwen ta renmen de(2) pè.
Non. I'd like two pairs.

Nou genyen diferan koulè. Nou genyen mawon, ble, nwa, ak blan.  Ki koulè w ta renmen?
We have different colors.  We have brown, blue, black and white.  What colors would you like?

Ban m yon nwa ak yon mawon.
Let me have a brown and black one.

Eske se pou ou w'ap achte yo?
Are you buying them for yourself?

Non. Se pou pitit gason mwen.
Non.  It's for my son.

Ki gwosè soulye pitit gason w mete?
What size shoe does your son wear?

Li mete soulye # 6½.  Eske se lè m resevwa soulye yo pou m peye w?
He wears size 6½ shoes.  Do I pay you when I receive the shoes?

Non. Se pa konsa sa fèt.  Lè nou fè yon kòmand, kliyan yo dwe peye nou anvan nou egzekite kòmann nan.
No.  That's not how it's done.  When we take an order, the client must pay before we send in the order.

Dakò, se konbyen lajan mwen dwe w?
Ok.  How much money do I owe you?

Te'm wè.  De pè soulye a $67.50 chak.  Sa fè $136*.  Eske ou ta renmen achte yon lòt bagay.
Let me see.  Two pairs of shoes at $67.50 each.  That makes 136 dolllars.  Would you like to buy something else?
*oops! math is wrong.  I blame it on the calculator :)


Non mèsi.  Mwen pa bezwen anyen ankò.
No thanks.  I don't need anything else.

Dakò. Total ou vini  $136.50 santim. Mèsi anpil mesye.  Nou va kontakte ou lè soulye yo vini.
Ok.  Your total comes to $136.50 cents.  Thanks a lot.  We will call you when the shoes get here.

Orevwa madanm.
Goodbye ma'am.

Orevwa mesye. Pase yon bon jounen.  E vizite nou ankò.
Goodbye sir.  Have a nice day. And visit us again.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments:

  1. Hi, Madaly
    here, the male voice is hard to hear, is there
    any way for you to record again ?

    ReplyDelete
    Replies
    1. We'll work on making a clearer one next week :)

      Delete