Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Thursday, April 18, 2013

Èske w ta eksplike sòti tankou yon 'helping verb'? Pa egzamp ki sa vle di egzakteman 'li sòti pè'?

"Li soti pè" sounds to me like "He became a priest."

Other than to go out, to go outside, to come out
Soti or sot is used to say to come from:

1. Mwen soti New York.
    Mwen sot New York.
    I come from New York.

2.  Mwen fèk soti lavil.
     Mwen fèk sot lavil.
     I just came from town.


You can use "soti" as a verb helper here too:

3. Mwen sot wè li.
    I just saw her.

4. Mwen sot pale avè li.
    I just spoke to her.

5. Nou sot benyen nan larivyè a.
    We were just bathing in the river.
     We just come from bathing into the river.


Soti is also used to say to come out as, to become:
6.  Tout timoun ou yo soti byen.
      All your children have become well behaved/grounded kids.

7.  Mwen mete pen yo nan fou a, yo tout soti tou boule.
     I put the bread in the oven, they came out all burned.


We can also use soti to say from one thing to another, from one place to another
8. soti nan yon kote ale nan lòt la
    to come out of one place and go into another.

9.  Mwen te kondui sot New York ale Miami nan yon jou.
     I drove from New York to Miami in one day.

10. Nou te mache soti nan ri Touusaint rive nan ri Dessalines.
      We walked from Toussaint Street to Dessalines Street.

11.  Aswè a n'ava priye soti nevè nan aswè rive jouk senkè nan maten.
       Tonight we'll pray from nine p.m. until five a.m.

12. Distans pou nou kondui soti lakay nou rive lopital la, li te gentan akouche bebe a.
     By the time we drove from our house to the hospital, she already had the baby.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

4 comments:

  1. Mwen pa t konnen siyifikasyon #6 e #7-yo. Òte-a mete yon aksan grav sou lèt 'e'-a nan mo 'pe'-a men m kwè li te fè yon ère. Baze sou kontèks istwa-a m' kwè fraz-la vle di 'she became quiet' oubyen 'she became afraid'. Mèsi pou ede-m rezoud mistè sa-a. Epi tou m' ap vle di-w jan m' apresye ke w korije Kreyòl mwen. M fèk remake ke ou kòmanse fè sa. Mèsi.

    ReplyDelete
    Replies
    1. Dakò :) .... Awesome!
      One of your translations may be the one.

      Kontinye kenbe la.
      Chapo ba

      Delete
  2. Eske nou ka di "Nou te mache soti ri Touusaint rive ri Dessalines" tou?

    ReplyDelete