Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, April 13, 2013

M gen twa kesyon. :) Dabo, kouman ou ta di 'came upon' an Kreyol? Pa egzamp 'he suddenly came upon a lion'. Anplis, kouman ou ekri atik definitif la le ou gen de non swivi swivi ki toulede bezwen yon atik definitif yo? Pa ezamp 'the wood from the tallest tree' oubyen 'the hat that the boy wore'. Anfen, M fek li post-ou-a ke ou ekri sou sevi ak 'double words' pou mete aksan sou yon bagay. Eske yo kapab konbine teknik sa a avek teknik ki itiliz pran kom yon helping verb la (ede veb?)? Pa egzamp, Lamenm li pran koupe koupe pyebwa-a, he went right to work chopping and chopping the tree'. Mesi

I. Came upon

1. to encounter something/someone and be startled by it? to come across?
    pantan sou
    sote sou
    kontre bab pou bab avèk
    kwaze

2. I came upon a big snake.
    M'al pantan sou yon gwo koulèv.
    M'al sote sou yon gwo koulèv.
    Mwen kontre bab pou bab ak yon gwo papa koulèv.
    Mwen kwaze ak yon gwo koulèv.

3. He suddenly came upon a lion.
    Li pantan sou yon lyon.
    L'al pantan sou yon lyon.
    Li kontre bab pou bab ak yon lyon. (He came face to face with a lion)



II.  "Kouman ou ekri atik definitif la lè ou gen de non swivi swivi ki toulede  bezwen yon atik definitif ?"
Respons:  Ou kapab ajoute atik definitif la pou toulede mo yo.

Pa egzanp:
We can break it down:

4.  The hat.
      Chapo a. 
5. The hat that the boy wore.
    Chapo ti gason an te mete a


6. The hat that you wanted.
     Chapo ou te vle a.
7. The hat that the boy wanted.
      Chapo ti gason an te vle a. (This sounds natural to me)
     

8. The girl that was ill.
     Ti fi ki te malad la.
9. The neighbor's daughter that was ill died. (Remember in Creole, it's ...THE daughter of THE neighbor...)
    Ti fi vwazen an ki te malad la mouri.

10.  The police officer who was at the bank
      Polisye a ki te nan bank lan.
      or
      Polisye ki te nan bank lan.

11.  The wood
      Planch lan
12. The wood from the tallest tree
       Planch lan ki te soti nan pyebwa ki pi wo a

13. The little girl
       Ti fi a
14The little girl that the police were looking for was found alive.
        Yo te jwenn ti fi police yo t'ap chache a tou vivan.



III. "Double wording"  
        Yes, it can work like you said.

In you example: "Lamenm li pran koupe koupe pyebwa-a."  I think that:
"Li prab koupe pyebwa a." or "Li tonbe koupye bwa a."  will work just fine.


"double wording" with two adjectives or adverbs will be an emphasis.
such as:
15. Mwen renmen l anpil anpil.
     I really like it.

16. Mwen te wè yon gwo gwo koulèv.
     I saw a very big snake.

17. Yo t'ap danse kole kole.
       They were dancing very tightly.


"Double wording'" with  verbs USUALLY means  " to keep at it", "to continue doing what you're doing"
such as:
18. Danse danse w non!
      Keep dancing!

19. Pale pale w pitit!
      Keep talking child!

20.  Mache Mache w non!
       Keep walking!

21. Nou te ale yon kote ki lwen. Nou mache, mache, mache anvan nou te resi rive.
      We went somewhere far. We walked and walked and walked  before we finally got there.

22. Pitit mwen te malad.  Li leve lannuit lan li vomi, vomi, vomi jouk li endispoze.
     My kid was ill.  He woke up in the night and kept throwing up until he feinted.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

No comments:

Post a Comment