Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Saturday, May 11, 2013

Bonjou Mandaly. M swete tout bagay anfòm avè w. :) Kesyon mwen se èske yon mo oubyen fraz an Kreyòl ki vle di 'don't take it personal' oubyen 'it's not personal'?

Wi mèsi tout bagay anfòm nèt maten an.  Mwen toujou panse se yon gran privilèj pou fè pati nan bèl inivè Bondye kreye a.  Lanati avèk lanmou Bondye se yon sous enspirasyon pou mwen.  M'ap pwofite yo jouk sa kaba.  M'espere se menm bagay la pou ou tou :)

There's a Haitian Creole expression that says:
M voye dlo, m pa mouye pèsonn.
I throw water, I don't get anyone wet.
It means:
I'm talking generally, don't anyone take it personally.

We use that expression (a lot :) in the sense of "Don't take it personally"
or you can say:
Pa pran sa pèsonèl non.
Pa pran sa mal.
M pa lonje dwèt sou pèsonn. (I'm not pointing at anyone)
Don't take it personally


Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

2 comments: