Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, January 14, 2013

Gade, gad

Downloadable link for this audio post:
Click here to download…

Click on the play button to listen to this audio, and follow along :)

 

Bonjou mezanmi! Onè Respè tout moun!  Kouman nou ye?
Hello everyone! Greetings! How are you?

gade or gad
look, look at, to see, to watch
to watch over, to care for, to maintain /  to keep

Gade /gad → to look at
1.  Gade mwen.
     Look at me.

2. Gade yo.
    Look at them.


3. Kisa ou ap gade?
    Sa w'ap gade? (contracted)
    What are you looking at?

    Gade kisa ou fè! (uncontracted)
    Look at what you did!

5. An nou gade byen.
    Let's look at well.
    Let's take a good look.
   or
   An nou gade SA byen.
   Let's look at THIS well.
   Let's take a good look at THIS.

Gade → to stare
6. Sispann gade ti fi a.  Poukisa ou pa al pale avè li pito?
    Stop staring at the girl.  Why don't you go talk to her instead?
    Stop looking at the girl.  Why don't you go talk to her instead?
     
Gade → to watch
7. Timoun alèkile gade twòp televizyon.
    Kids these days watch too much TV.  

Look up, look down, look to the right, look to the left.....

8. Nou p'ap gade dèyè men n'ap gade devan.  N'ap vanse douvan.
    We're not looking back, but we're looking ahead.  We're moving forward.

9. M gade anwo, m gade anba. m pa't wè pèsonn. Plas la te vid nèt
    I looked up, I looked down. I saw no one.  The place was totally empty

10. M gad agoch, e m gad adwat. M pa't wè anyen. Se lè sa a m reyalize m te pou kont mwen.
    I looked to the left, and I looked to the right.  I saw nothing.  That is when I realized I was on my own.

GADE POU WÈ → to look and see, to check and see, to wait and see

11. Vin gade pou wè sa k'ap pase.
     Vini gade pou wè sa ki ape pase.
     Come and take a look at what's happening

12. Gade pou wè sa 'w ka fè pou yo.
    Look and see what you can do for them.

13. Eske ou ka gade pou wè si m te klete pòt la?
      Can you check to see if I locked the door?

14.  Nou poko konnen kisa nouvo ane a ap pote. N'ap gade pou wè.
       We don't yet know what the new year will bring.  We'll wait and see.

15. An'n ret gade pou wè sa ki va pase.
      An nou rete gade pou wè kisa ki va pase.
      Let's wait and see what will happen.

GADE → to care for, to bring up, to maintain

16. Dyòb mwen se gade timoun.
      My job is to care for children.
      I am a nanny.

17. Yo di wa David te konn gade mouton
       They say that king David used to care for sheeps

18.  Se manman'm ki gade ti bebe mwen an pandan m nan travay.
       It is my mom that looks after my baby while I'm at work.

19.  Lè m pa la,  vwazen m nan gade chen m yo pou mwen.
       When I'm away, my neighbor looks after my dogs for me.

Enben se te tout pou jodi a.  Mèsi anpil.  M'espere n'ava pale ankò trè byento
Well that was all for today.  Thanks a lot. I hope we will talk again real soon.

Track: Gade papi by Emeline Michel


Lotrejou la nan Gonayiv
Emaude avè’m te tou piti ap jwe ak Yves
Nou t’ap reve yon jou n pral vwayaje
Al jwe mizik a letranje
Pa kite moun di w,
“Se manti. Ou pa dwe reve chato lè’w nan kay pay”

Papi move, manmi fache
Koupe sa sèk, mizik pa voye nan mache
J’ai vu l’enfer gouté au paradis (French)
Sur le dos de ma melodie (French)
Pa kite moun voye dlo sou dife w
Rèv ou se manman reyalite w

Gade papi
Gade papi
Gade papi
Sa pa pi mal

Tibe dou men wagadougou (jargon)
Ou di se chans, men mwen ka di'w se yon jwet pasyans
Lòm fè avyon, lòm kreye piramid
Lespri nou sèl ka limite’n
Pa janm doute sa w’ap swete jodi
Demen pral tounen reyalite w

Lè’w wè jwèt la mare,
Fò’w pa dezespere
Pa dekanpe
Pa lage
Pa kite yon move kou chanje ou tou
Fò’w pran pasyans
Pinga w pèdi konfyans
Chak zetwal klere jou pa li
Pa kite yon move jou chanje ou tou

Se pa reve m’ap reve
Se lavi mwen m’ap chante
Yon chante yo ban’m pou ou
Fòk ou toujou reve rèv ou
Lè sa pi di
Lè w’ap pèdi tèt ou

Kenbe la!
Fò’w gen konfyans! Kenbe la!
Fò’w gen pasyans! Kenbe la!
Fòk ou travay! Kenbe la!
Fò’w gen kouray! Kenbe la!
Epi priye! Kenbe la!
Epi priye! Kenbe la!
Epi priye! Kenbe la!
Epi vizyalize! Kenbe la!
Fòk ou kenbe! Kenbe la!
Fò’w pa lage! Kenbe la!
Fòk ou reve!
Fòk ou reve!

Fò'w reve!
Fò’w reve rèv ou tande!
W'a kenbe la!
Kenbe pa lage
Fò w kenbe
Kenbe, pa lage
Se sa!

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

1 comment: