Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Some usage of the possessive pronouns in Haitian Creole




Download link for this audio clip:

 


To listen to this audio, click the play button and follow along :)
 

Bonjou e yon bèl kout chapo pou tout moun!
Hello and hats off to everyone!


Kouman nou ye?  M'espere nou trè byen.
How are you?  I hope you are well.


Mine → Pa mwen (pa'm)
Yours → Pa ou (pa'w) 
His / Hers → Pa li (pa'l)


My friend
zanmi mwen (using possessive adj.)
zanmi pa mwen* or zanmi pa m (using possessive pronouns)
* zanmi pa mwen → friend mine, friend of mine literally


Your house
Kay ou (using possessive adj.)
kay pa ou or kay pa w la*  (using possessive pronouns)
*kay pa ou → house yours, the house of yours literally


My book is lost.
Liv mwen an pèdi (using possessive adj.)
Liv pa'm nan pèdi* (possessive pronouns)
*Liv pa m nan pèdi → the book of mine is lost literally


Know your definite articles!!!! :)


1.  Sa yo se timoun pa m yo. (contracted)
     Sa yo se timoun pa mwen yo. (un-contracted)
     sa yo               |  se    |    timoun  |   pa mwen  |  yo
     these/those    | are   |    kids      |  mine          | the
     These are my kids.


2.  Dezi pa m se pou m sèvi w. (contracted)
     Dezi pa mwen se pou mwen sèvi ou. (un-contracted)
     Dezi mwen se pou m sèvi w. (using possessive adj.)
     Dezi      | pa mwen | se   | pou   |  mwen | sèvi     | ou
     Desire  | mine        | is     | for    |   I         | serve  | you
     My desire is to serve you.




3. Pa m nan pi gwo pase pa w la.
    pa m  |  nan  |  pi      |  gwo  | pase     | pa w    | la
    mine  |  the   | more |  big    | than     | yours   | the
    Mine is bigger than yours.


4.  Pran machin pa m nan pito. (contracted)
     Pran machin pa mwen an pito. (un-contracted)
     Take my car instead.
     Use my car instead.


5.  Jounal pa yo a mouye, konsa yo vòlò pa nou an.
     Their newspaper got wet, so they stole ours.


6.  Eske sa se pa w la?
     Is this yours?


7.  Kote machin *pa'l la? (contracted)
     Kote machin *pa li a? (un-contracted)
     Where's his car?
*See more ways to use the third person with possessive pronouns below.


8. Tradisyon granpapa nou se eritaj pa nou. (un-contracted)
    Tradisyon granpapa nou se eritaj pa'n. (contracted)
    Our grandparents' tradition is our heritage.


9.  Jodi a se tou pa w, demen se ka tou pa m. (contracted)
     Jodia a se tou pa ou, demen se ka tou pa mwen. (un-contracted)
     Today is your turn, tomorrow might be my turn


Enben se tout.  Mèsi e orevwa
Well that's all.  Thanks and goodbye.


* When using the third person in the possessive pronouns, you can replace the pronoun by a proper name or noun.  You'll see this often in spoken and written Creole.
Example:
Instead of:   Pa li a → his
you'll have:  Pa Jozèf la → Joseph's
or :               Pa manman m nan → my mother's


Using it in a sentence:
Sa se pa'm nan.  Sa se pa'w la.  E Sa se pa Jimmy an.
That's mine.  That's yours.  And that's Jimmy's.


Here's another sentence:
Mwen pa't ka jwenn pa'm nan, men mwen te jwenn pa Rosie a.
I could not find mine, but I found Rosie's.


One more example:
Mwen te resevwa tout lèt yo, men mwen pa't resevwa lèt pa Michelle la.
I received all the letters, but I did not receive Michelle's.


Did you know that the "pa" of the possessive pronoun translate into 'part, portion, allotment'?
Would it be easier if I said: 
my part pa mwen or pa'm
your part pa ou or pa'w
our portionpa nou or pa'n


other helpful links for possessive pronouns:
Yours, Mine, and Ours 
Not mine
Pa m

Track: Li Di m konsa by Claude Marcelin

Ou menm tou

Here' are the links:
http://sweetcoconuts.blogspot.com/2012/01/mwen-men-tou.html
http://sweetcoconuts.blogspot.com/2012/01/what-does-sa-nou-menm-mean.html

Ask me anything

How do you begin a formal letter (Dear so and so...) and also end it (Sincerely yours...)?

Here's the link: http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/07/how-to-begin-and-end-letter-in-haitian.html

Ask me anything

Relax,drop your shoulders

Relax. → Rilaks, Rilaks kò w, or Lache kò w

Drop your shoulders. → Lage zepòl ou, or Kite zepòl ou tonbe

Depi → since, once, as soon as, as long as, for....

Haitian Creole conjunction DEPI is used to translate Since, Since after, for how long, as soon as, as long as, if, because, etc...


Depi as Since...
1. M’ap tann ou depi  ganm maten.
    I’ve been waiting for you since early this morning.

2. Mwen pa wè yo depi samdi
    I hadn’t seen them since Saturday

3. Ane pase Toto ak Fifi te mare yon gwo goumen.  Depi lè sa youn pa janm pale ak lòt
    Last year Toto and Fifi had a big fight.  Since that time they never talked.

4. Semèn pase mwen te wè yon sourit nan kizin nan.  Depi jou sa mwen pa mete pye la!
    Last week I saw a mouse in the kitchen.  I haven't set foot in there since that day!


Depi as From...
5. Le dimanch, magazen an ouvè depi onzè nan maten jouk senkè nan apremidi.
    On Sundays, the store's open from eleven in the morning until five in the afternoon.


6.  Pou devwa nou aswè a, nou va li depi paj douz jouk paj ven.
     For your homework tonight, you will read from page twelve to page twenty.

Depi as for how long...
5. Depi kilè ou la?
    Since when have you been here?


6. Depi ki jou ou te wè yo?
    Since what day did you see them?

7. Depi konbyen jou ou konsa?
    For how many days have you been like this?

8. Depi konbyen tan w’ap touse?
    For how long have you been coughing?


Depi as Once
9. Depi jij la parèt nan tribinal la, tout moun dwe kanpe.
    Once the judge enters the courtroom, every one must stand.

10. Depi ou pase estasyon gazolin, ou preske rive
     Once you pass the gas station, you almost there

11. Depi sezon  lapli a koumanse, mwen etenn tou awozwa yo.
     Once the rainy season starts, I turn off all sprinklers

12. Depi nou kwè, n’ap wè glwa Bondye
      Once you believe, you will see the glory of God.


Depi as if, or as long as....
13. Depi se ou k di, nou kwè w.
      If you say so,  we believe you

14. Depi nou genyen jwèt la, nou prale nan konpetisyon  final la
      If we win the game, we’ll go to the final competition

15. Depi pa gen fanm, pa gen kriye
     If there’s no women, there’s no cry
     Did Bob Marley say that :)

16.  Depi ou dakò sou pri a, n’a koumanse travay la.
      As long as you agree on the price, we’ll start the job.

17. Depi ou pa sonnen sonnèt la, chen yo p'ap jape.
     As long as you don’t ring the bell the dogs won't bark.



Depi as Based on...
18. Depi sou fason doktè a te gade mwen, mwen te konnen bagay yo te mal.
     Judging from the way he looked at me, I knew things were bad.

19.  Depi sou jan li abiye, nou te konprann li te yon moun pòv.
       Judging from the way she dressed, we could tell she was poor.


Good night Emmanuelle

Good night Emmanuelle.
Pase bòn nwi Emmanuelle :)

pa janm bliye, jezi remmen ou. M`ap priye pou ou!

o

Ask me anything

Im on fire

Do you mean real fire? literally?
If so, call the fire department.

If you mean otherwise, I might need more info....

I'm on fire (I'm excited?). If excited, what are you excited about?

I'm on fire (My body caught fire?) Kò m (or rad mwen) pran dife.
I'm on fire (I'm burning up?) → Mwen santi m cho.  or Kò m ap boule m
I'm on fire (I feel hot?) → Kò m cho. or  M santi tout kò m ap pran dife.
I'm on fire (I am overwhelmed?) → Kè'm ap debòde
I'm on fire (I'm excited/tensed?) → Mwen sou tansyon.  or  Mwen eksite
I'm on fire (I'm sexually excited?) → Mwen sou sa. or Mwen tou limen.  or Mwen tou pare
I'm on fire (volatile, erratic, and unpredictable) → Mwen prèt pou deklannche/dechennen.
I'm on fire for God. → Mwen zele pou Bondye

This "I'm on fire." phrase can go so many different ways in Creole :)

how do you say when are we gonna see

When are we going to see...?
Kilè nou pral wè....?

he was saying something about how I was doing my daughter's hair: ou fin fo net nan bay bel kout peng (what is he saying?)

Ou fin fò nèt nan bay bèl kout peny.
You've become very skilled at beautifully styling hair.

how do you say you are beautiful in creole

Chak bah se, what does it mean?

I looked over your question a good number of times.
I think I've finally deciphered "your Creole"  :)
I think you mean to say "Sa'k Pase" → "What's up?"

So, here's a link to all the "Sa'k Pase's" of this blog my friend.
http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/Sak%20Pase%3F

Can you give a few examples using "An nou" (meaning: "Let's") such as "Let's go to the store, Let's build a sand castle, ..."?

Let's → you'll see it as "An nou", "An'n", "Ann", and perhaps as "Annou"

1. An nou ede yo.
Let's help them.

2. An nou rete la.
Let's stop right there.

3. Ann sispann goumen.
Let's stop fighting.

4. Ann avanse.
Let's move forward.

5. An'n vize pi wo.
Let's aim higher.

6. Ann kontinye.
Let's keep going.
Let's move on.
Let's continue


7. An nou pa aji tankou yo.
Let's not act like them.

8. Ann pa pèdi lafwa.
Let's not lose faith.

9. An'n pa tann lòt yo.
Let's not wait for the others

10. Ann pa ba yo yon okazyon pou yo akize nou..
Let's not give them an opportunity to point their fingers at us.

kote moun yo

yeah, kote moun yo? (where's everyone?)

What does "Bèkèkè" mean?

Bèkèkè → handicap, mute, can also be 'a wimp'

Is there a video for the articles? Direct or indirect?

pronunciation of Li

lipronounced lee → he, she, it, him, her, its, his, also translates the verb 'to read".

First, Christ identified Himself with sinners by dying for them. Second, He was literally counted among the transgressors by dying between two thieves and therefore, viewed by many as common criminal.

Premyèman, Kris te idantifye ak pechè yo lè li te mouri pou yo. Dezyèman, yo te vin konte Li kòm yon transgresè lè li te mouri nan mitan de vòlè ki te gentan pote non gwo kriminèl

Ask me anything

Apiye pou nou monte

Apiye pou nou monte
Lean so we go up (literally)
Team up so we can succeed


Kole zepòl pou nou reyisi
Put our shoulders together to succeed (literally)
Team up so we can succeed.


Mete tèt nou ansanm pou nou reyisi.
Put our heads together so we can succeed
Team up so we can succeed 

koute - tande?

koute → to listen


M'ap koute w.
I'm listening to you.


Koute m tanpri.
Listen to me please.




Tande → to hear


Mwen tande w'ap pati.
I heard you're leaving.


Monte volim nan, mwen pa ka tande anyen.
Turn up the volume, I can't hear anything.

these are people

These are people → sa yo se moun

Based on what you might want to say, there might be a difference between a word to word translation and when everything is put into context

Look around you

Look around you.
Gade tou otou w.
Vire gade bò kote w

patisipe pou genyen

participate to win

Ask me anything

Haitian Creole word "kont"

Kont → story, folktale, fiction


Yo te reyini ansanm e yo t'ap tire kont.
They were gathered together and telling tales.




kont → enough, satisfactory, adequate


Would you like more food?  No thank you, I ate enough.
Eske ou ta renmen plis manje?  Non mèsi, mwen manje kont mwen.




Kont → against, oppposed


They arrested everyone who spoke against the government.
Yo te arete tout moun ki te pale kont gouvènman an.




kont - dispute, argument, friction


There's some friction between them.
Yo gen kont.


That girl's always looking for trouble.
Ti fi sa toujou ap chache kont.


Pou kont → by self, alone


pou kont ou → by yourself
pou kont li → by himself
pou kont nou → by ourselves.


Mwen pito rete pou kont mwen.
I rather stay alone.




Sou kont → in the trust of, on the account of


They entrusted me with everything.
Yo kite tout bagay sou kont mwen.


I left the kids in her care.
Mwen te kite timoun yo sou kont li.


The house is your responsibility in my absence.
Kay la sou kont ou lè m pa la.

Ala yon sovè espesyal mwen genyen lyrics - thanks :)

  
He hideth my soul (in Creole)

Ala yon sovè espesyal mwen genyen
Ala yon bon sovè pou mwen
Li kache nanm mwen anba gwo wòch la
Kote dlo lavi a ap koule

Li kache nanm mwen andedan gwo wòch la
Li kouvri m anba lonbraj li
Kounye a m’konnen lavi mwen asire
M’pa pè sa k’ap rive'm demen

Li toujou konble mwen ak benediksyon
Li ranpli’m a gras, li beni m
Ala yon redanmtè mwen pa ka bliye
Ede m chante yon chan pou li

Ala yon sovè espesyal mwen genyen
Li pran tout fado'm yo pou mwen
Li mete'm byen wo pou pye m pa fè bitay
E li ban yon fòs san parèy

M'asire m Nan Kris lyrics, do you have it?

M'asire'm Nan Kris 
by Remy Lochard

 

M’asire’m nan Kris I assure myself in Christ
Mwen jwenn sekirite I find safety
M’asire’m nan Kris I assure my self in Christ
Sitiyasyon lavi m chanje My life's situation has changed

Jezi s’on bon zanmi Jesus is a good friend
Ki pa janm lage m nan wout Who will never abandon me
Menm si tout moun kite m Even if everybody else leaves me
Li toujou la pou li ede m He's always there to help me
Genyen yon fwa m te santi m sèl One time, I felt all alone
Mwen te fin dekouraje I was discouraged
Tèlman gwo van yo t’ap soufle because of the violent storm
Jezi te toujou la pou li ede m Jesus was always there to help me

Pafwa se dyab rasyal Sometimes it's the devil from our roots
Pafwa se pòch mawon Sometimes it's a crook
Pafwa se bon zanmi Sometimes it's a good friend
Ki pa vle wè m pwogrese That doesn't want me to progress
Pafwa gen lòt ki di Sometimes other people say
Ou menm ou pa janm anyen You will never be anything
Yon sèl bagay mwen konnen One thing I know
Dosye m nan nan men Jezi Kri My file/dossier in Jesus Christ's hands

Zanmi m, si w gen pwoblèm My friend, if you're troubled
Ou santi w dekouraje You feel discouraged
Tout pòt fèmen pou ou All doors are closed to you
Pa gen pèsòn ki pou ede w There's no one who can help you
Si doktè kondane w If the doctor's have condemned you
Si ou pa gen lavi If there's no hope of life
Tout moun pèdi espwa Everyone has lost hope
Ou mèt vin asire w nan kris You may assure yourself in Christ

Asire w nan kris Assure yourself in Christ
Wa jwenn sekirite You will find safety
Asire w nan Kris Assure yourself in Christ
Wa wè sitiyasyon w chanje You situation will change

M’asire m… I assure myself
Nan Jezi m’asire m In Jesus I assure myself

Gen lavi… There's life
Nan Jezi lavi In Jesus there's life

Gen sante… There's health
Nan Jezi gen sante In Jesus there's health

Gen lanmou There's love
Nan Jezi gen lanmou In Jesus there's love

Jezi..., Jezi..., Jezi...
Yaweh…, Yaweh..., Yaweh...
El Shaddai…, El Shaddai..., El Shaddai...

Sa jezi fè pou mwen What Jesus had done for me
M pa ka kite L……. I can't leave Him

GOD BLESS YOU FAMILLY

May God bless your family.
Se pou Bondye beni fanmi w.

Ask me anything

Se lajan ou genyen konsa?

Se lajan ou genyen konsa?
You must have some money.

Ask me anything

Do you have any lessons on the present continuous using AP. e.g. N AP mache, Nou PRAL manje

Eske ou kapab di m ki diferans ki genyen ant sos pwa nwa kiben an ak sos pwa nwa Ayisyen an?

Ala yon kesyon papa!

Mwen imajinen youn gen kèk klou jiwòf ladan l, epi lòt la pa genyen l :)
Gen de restoran Kiben ki konn rive fè sòs pwa nwa byen gou wi.
Yo fè li nan espesyalite pa yo.
Nou menm, Ayisyen, fè li nan gou pa nou.

gade yon Bondye map sevi

Gade yon Bondye m'ap sèvi.
What a God I serve.

How do you say "nothing happening"? Is it "Nan boule"?

I guess if you mean "not too good, not too bad".

A Haitian will definitely say: "Anyen non!" when they mean to say "nothing's happening" after you've asked them how they're doing.

Nothing's happening → anyen pa'p pase, pa gen anyen k'ap pase, anyen pa bouje

do you know the lyrics to the hymn "konbyen mwen dwe" i've heard two different ones. "mwen pa ka di konbyen mwen dwe..." "...mwen konnen sa li fe pou mwen, mwen kapab di konbyen mwen dwe.."

#100 Chants D'Espérance (Creole)
  

Lè Jezi mouri sou kalvè
Lè Kris mouri se te pou mwen
Mwen mande eske m'ap konnen
konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe


konbyen mwen dwe lanmou san fen
konbyen mwen ka kris pou mwen
Mwen konnen sa li fè pou mwen
Mwen pa ka di konbyen mwen dwe


Sovè mwen nan Jetsemani
Te pase pi gran agoni
Se pou mwen soufrans sa te ye
kouman pou m di konbyen mwen dwe


Se te lanmou li gen pou mwen
ki fè l soufri yon mò wonte
Lè tout san kò li te koule
Li sove mwen konbyen mwen dwe


Lè m'a rive nan syèl la tou
Rete avèk li pou toujou
Mwen mèt pale di mil ane
Mwen p'ap fin di konbyen mwen dwe

if you were translating for a medical missions team, what are some key important phrases to know?

I'd recommend the English/Haitian Creole Medical Dictionary by Maude Heurtelou and Fequière Vilsaint. It's basic, but it'll be a start.

Ask me anything

I'm I your friend

I'm your friend.
Mwen se zanmi w.

Mwen renmen ou anpil cheri

Ti cheri va kontan anpil, lè ti cheri va tande sa

Mwen renmen w anpil ti cheri.
I love you very much sweetie

"I won't let you down" (as in "disappoint" or "fail").

disappoint → fè wont, deplè, desvwa

I won't let you down.
Mwen pa'p fè w wont.
Mwen pa'p desevwa w.

Can I talk to ....

Can I talk to ...?
Eske m kapab pale ak ...?

Mwen kontan w? (I'm happy for you?)

Mwen kontan w.
I'm happy of you.
I'm proud of you.
I'm pleased with you.


Mwen kontan pou ou.
I'm happy for you.

"A wake-up call" in haitian creole. 'This was a wake-up call to everyone. So take pracautions."

A wake-up call ( a warning?) → yon avètisman, yon mizangad

This incident was a wake-up call to everyone.
Zafè sa a te yon avètisman pou tout moun.


This was a wake-up call to everyone.
Sa te yon mizangad pou tout moun.


So, take great precautions.
Konsa, pran anpil prekosyon.
Konsa, fè atansyon.
Konsa, mache sou trèz pou w pa pile katòz.
Konsa, mache sou pinga w pou w pa pile si m te konnen.

sometimes it looks like the definite article goes before the noun. Can they be interchanged (before or after a noun), or is there a rule? It looks like the same applies for adjectives.

1. The Haitian Creole definite articles always come after the noun.
Example:
liv lathe book
machin nanthe car
tant lanthe tent
soulye athe shoe
soutyen anthe bra
The examples above contain the 5 different definite articles you will see in Haitian Creole.

2. Sometimes Haitian Creole speakers use the French definite articles (le, la) along with the root word, and makes it one "compound word". Remember that you will also see the word without the French article (ex: sante → health) and you'll see the word without the French article (ex: lasantehealth). Keep in mind that you may still use the Haitian Creole definite articles (a, an, la, lan, or nan) after these types of words.
Example:
larivyè a sèch. → the river is dry
or
rivyè a sèch → the river is dry

Yo te klouwe sou kwa a. → They nailed to the cross
or
Yo te klouwe l sou lakwa a. → They nailed him  to the cross.

other such words you may find in Creole are:
lemonn or monn → world
laverite or verite → truth
lalibète or libète → freedom
latè or tè → earth, soil
lagerizon or gerizon → healing
lapolis or polis →police
lavant or vant → sale
lagè or gè → war
lasosyete or sosyete → public, society
etc...
3. As far as the adjectives are concerned, there's a small groups of adjectives which come before the noun in Haitian Creole. See this link for adjectives.

How do you say "mind your own business" in Creole?

How do you say Yard Sale Saturday March 3 2012

lavant likidasyon
Samdi 3 Mas 2012

or 

Vant likidasyon
Samdi 3 Mas 2012

does God really care about us

Does God really care about us?
Eske Bondye sousye pou nou tout bon?

are u haitian lol

Wi wi. 100% Haitian grown.
Mwen soti nan nannan zantray kafou Pòtoprens.
Mwen leve Akayè.
Mwen fè plis klas segondè mwen nan Wane, ti cheri a

come mo tally la voo

Oh my :)

This is neither Creole, nor French.
But it may pass for some type of French :)

If you want to say it in French, say: Comment allez-vous?
If you want to say it in Creole, say: Kouman ou ye?
In English that would be: How are you?

I am putting on a volleyball camp for Haitians. How do I say "set the ball" and "hit the ball"? What is word for teammate?

Set the ball
mate boul la tounen(bounce the ball back)
voye boul la tounen(throw the ball back)

Set it!
Mate l tounen!
Voye l tounen!

Hit the ball
Frape boul la

team → ekip
players → jwè yo
teammate → manm ekip la

How do you say "the girls' pen"? plim fi yo?

Yes, "plim fi yo" is correct.
Since you asked that question, you probably already know that "plim" could also mean "pubic hair" (in Creole). So, don't be surprise if you get a few chuckles out of this one.

what does this mean Lavi se ki sa ou fè li

Sounds like: Life is what you make it.

Ask me anything

handsome

bo gason, byen kanpe, atiran

Ask me anything

Jolet?

proper name? maybe they meant "vyolèt?

Thanks commentator :)
dyòlèboastful, arrogant, loudmouth
dyòl → (not such a pleasant word for "mouth" in Creole) nozzle, beak, trap

Fèmen dyòl ou. (vulgar expression)
Shut your trap.

how do you say 83 in creole

katreven twa

Ask me anything

is it correct to say he speaks creole or haitian

He speaks Creole.
or
He speaks Haitian Creole (if you want to be precise as to which Creole he speaks)


A few years ago, it was debated whether to change the name of the language to Haitian.
That's why, in some books, you will notice that they called it Haitian instead of Creole.

Haitian Creole

Haitian Creole → Kreyòl Ayisyen

Do you speak Tobagonian or Haitian Creole?
Eske ou pale Kreyòl Tobago oubyen Kreyòl Ayisyen?

How do I say " pass the ball"?

Pass the ball → pase boul la
Throw the ball → voye boul la

fantastic in creole

anfòm, kòdyòm,mayifik, ...

Ask me anything

since i started school i haven't able to check out your blog. due to the fact that i have a lot of homeworks.

yeap, a load of homework would do that to you :)

Ask me anything

mwen bondye chak

This doesn't sound right.
Maybe you meant: Mwen mande chak...? → I ask each...?

pouki ou fem sa lanmou.

Podyab! Sa lanmou w fè w?

Pouki ou fè m sa lanmou?
Why have you done this to me sweetie?

creole for health and safety

Health → sante, lasante
wellbeing → byennèt
safety → sekirite
precaution → prekosyon
prevention → prevansyon

Did you mean: Health and safety (sante ak sekirite)?

Hi Mandaly, I finally started the blog teaching Trinidad French Creole and its coming along very nicely. Keep up the Good work. I see many similarities between our Creole and yours. Bondyé benni'w machè!

Mèsi anpil.
Most of the Trinidadian Creole that I know, I've learned through songs.
I'd be delighted to learn more from your blog.
I wish you much success zanmi m!
Kenbe la.

  1. Can someone tell me what is Trinidadian Creole??
    ReplyDelete
  2. I hope my friends from Trinidad would answer this question.
    Trinidadian Creole is basically the Creole spoken in Trinidad.
    ReplyDelete
  3. In Trinidad we actually dont call it Creole tho- we call it Patois, or French Patois. The word "creole" in everyday trinidadian is used to refer to people of African or African mixed descent, or their culture, but that's an old usage.

    Trinidadian Patios, Haitian Creole, and St. Lucian Creole are very similar though - they are basically the same language - Trinidad was never colonized by the French, but the Spanish allowed the French from other islands to settle in Trinidad - this they did, coming from Haiti esp around the time of the Haitian revolution, as well as from other french speaking islands at the time (like st/ Lucia). Trinidadian Patois and Creole are the same language that was spoken by the Africans who were transported thru the islands along with the french slavers. As an example - one of the most famous villages in Trinidad for its french heritage - Lopinot, is named after a Haitian white soldier and plantation owner who fled Haiti, along with his slaves, stopped off in st. Lucia before eventually settling in Trinidad.
    ReplyDelete
    Replies
    1. WOW. This is very helpful information. Thank you :)

elder

Elder → granmoun, pèsonaj

How do you say why they so scared of one little skinny girl ?

Why are they so scared of one little skinny girl?
Poukisa yo kite yon ti fi tou mèg ap kaponnen yo?

What does toule mean?

toule, tou le (from the French "tous les" meaning "all the")every

tou le jou, toule jou → everyday
tou le swa, touleswa → every night.
toule dimanch → every Sunday
toule lendi → every monday
toule midi → every noon time

This "le" borrowed from French "les", which is the plural definite article, is also used in:
le lendi → on Mondays
le samdi → on Saturdays
leswa → at night
lematen → in the morning

"Require" -This requires a lot of schooling

requiremande, egzije (to be obligated) 


This requires a lot of schooling
Sa mande pase anpil tan lekòl


This requires some thinking.
Sa mande yon ti refleksyon.

to 'hurt one's feelings'

to hurt one's feelings → blese santiman li, fwase, blese kè, ponyade kè


You hurt my feeling
Ou blese santiman m.
Ou fwase m.


I'm sorry I hurt your feelings
Eskize m deske m blese santiman w.
Eskize m deske m fwase w.

citrus fruits

sitwon jòn → lemons
sitwon vèt → limes
zoranj → oranges
zoranj si → marmelade oranges
chadèk → grapefruit
mandarin, klemantin →tangerines
kenèp? → spanish limes

How would say 'there may be...' as in "There may be blood".

There may be ... → *Ka *gen
*ka may also be written as kab or kapab
*gen may also be written as genyen

There may be blood.
Ka gen san koule.

There may be an error.
Ka gen yon erè.

There may be tears.
Ka gen kriye.

Se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen. Eske se vre?

Kanta sa.
Pa gen manti nan sa

"Sak vid pa kanpe." What do you say in this?

Literally, it's a simple law of physics.
Figuratively, it's a simple rule of life: Your body needs food to survive.

Ask me anything

Se ki kote mwen ka jouinn yon ti luil maskriti?

Se nan ki peyi w ye?

Si w nan peyi etranje, chache yon kominote/magazen Ayisyen.
Men si w Ayiti, w'ap jwenn sa nan tout ti kwen mache.
Chache, wa jwenn :)

Ask me anything

'Nou tout nan ka'?

Nan kain serious trouble, screwed, busted

Nou tout nan ka.
Nou tout nan tchouboum.
Nou tout pran nan pèlen
Nou tout pran nan twa wa.
Nou tout pran nan mera.
We're all screwed.

"shortcut" - Do not take any 'shortcuts' with me please.

Shortcut → chemen dekoupe, wout dekoupe

Do not take any shortcuts with me please.
Pa pran okenn chemen dekoupe avè m tanpri.

Ann fè lanmou.

Ala de koze mezanmi!
Si pa't gen lanmou sou tè a, nou tout ta nan ka :)

Ann fè lanmou.
Let's make love.

I AM MOVING TO HAITI IN ABOUT A WEEK, FOR A YEAR. WHAT PHRASES SHOULD I KNOW?? I DON'T WANT TO GO AND NOT UNDERSTAND ANYTHING I THINK TOO MANY PEOPLE GO UNPREPARED... I REALLY NEED AUDIO!!!

At this point in time, get a Haitian Creole language learning book, and also a Creole-English/English-Creole dictionary. Bring them with you. You'll have plenty of time within that year to learn from the natives.

Ask me anything

"Two cho devan bann nan"

"Twò cho devan bann nan" → too eager, too excited

alèkile, alòkile, lèkonsa?

Lèkonsa (lè konsa)then, at that time, at that point, subsequently

Alèkile (alòkile) → nowadays, these days


Alèkile ou pa salye m ankò.
Nowadays you don't say hi to me anymore.

Nowadays (in Creole) → alèkile, alòkile, sèjousi, sètansi, denojou, aprezan

Are you familiar with the song "Ole Ole" by Lakol? Could you help me with the lyrics (I really want to sing along) and the meaning?

Jodi a nou leve
Today we get up
Pa vle chita gade
Don’t want to sit around
Vini, an al danse
Come, let’s go dance
Yon konpa ki byen mate
A bouncing Konpa
An nou chante
Let’s sing
An nou danse
Let’s dance
Pa kite tan pase
Don’t let time pass
Tout moun mete deyò pou y al danse Lakòl
Everyone, come out to dance Lakòl
Nan kadans, bèl pawòl
With entertainment, beautiful ambiance
Nou pral kole zepòl
We’ll come together
Sa fè depi lontan n’ap ret tann moman sa
We’ve been waiting for this moment
Jodi a nou kontan pou nou ale
Today we’re happy to go

Leve pou n ale
Get up, let's go
Pa kite tan pase
Don’t let time pass

Leve leve leve pou nou ale
Get up, get up, get up so we can go
Aswè a m te la
Tonight I was there
Nou te ka danse, ole ole
To dance Ole! Ole!
Vini pou nou chante
Come sing
Vini pou n ale
Come let’s go
Mete men w anlè
Put your hands in the air
Pou nou sa danse
So we can dance
Jouk demen maten
Until morning
Vini pou n ale
Come let’s go
Men si w kontan met men w anlè
But if you’re happy put your hands up

Apiye sere pa frape mesye pou nou banbile
Lean closer, no bumping , guys,so we’ll have fun

How can I explain to someone when and how to use the following stress words in Creole: Mwen la WI Li pa la NON Ban m sa a NON

Ah yes! There's nothing like it in the English language, is there?

Sometimes, I tell people it's more like putting an emphasis or accentuation.

Mwen la wi.
I'm here yes I am.

Li pa la non.
He's not home, no he's not.

Ban m sa non.
Give it to me, wouldn' t you.

M pa pi mal non.
I'm not too bad no I'm not.

M te sonje w wi.
I missed you yes I did.

I have some non-Creole speaking friends who actually went around a whole day adding a "yes" after each positive sentences they uttered, and a "no" after each negative sentences. Mezanmi! Sa te komik!

What is the difference between "Se ki kote ou rete?" and "Ki kote ou rete?"

Not much difference.
Se (from French C'est which means It is/This is) doesn't really belong there (in front of the question). But, H. Creole speakers use it anyway. You will find this inquisitive se before any non-yes/noEske questions. Go ahead and try it. Check out the following examples And then you may use it when you talk to your Haitian friends :)


You will often hear:

Ki moun ou ye?
or
Se ki moun ou ye?
Who are you?

Kouman ou rele?
or
Se kouman ou rele?
What's your name?



Kisa ou genyen?
or
Se kisa ou genyen?
What's wrong?



Ki kote w rete?
or
Se ki kote w rete?
Where do you live?



Kisa sa ye?
or
Se kisa sa ye?
What is this?



Kisa w'ap fè la?
or
Se kisa w'ap fè la?
What are you doing here?



A kilè w'ap fini?
or
Se a kilè w'ap fini?
What time will you be done?

Konbyen sa a koute?
or

Se konbyen sa a koute?
How much does this cost?