Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Sunday, June 9, 2013

Menaj Kay House Chores (AUDIO)

Download link for this audio:
Click here to download…

To listen to this audio, click on the PLAY button and follow along :)

 

-Mwen deteste jou samdi a.
  I hate Saturday.

-Mwen konn poukisa w di sa wi.
  I know why you said that.

-Poukisa ou panse m di sa?
 Why do you think I said that?

-Chak semèn, depi samdi rive, ou toujou di menm bagay la paske samdi se jou nou fè menaj kay!
  Every week, when Saturday comes, you always say the same thing because Saturday is the day we do house chores

-Eske w ka ban'm tò mezanmi?  Ki plezi ki genyen nan bale, pase mòp, ak foubi kras?
Can you blame me?  What fun is there is sweeping, mopping, and scrubbing dirt?  

- Nanpwen!
  There's none!

-Mwen jis pa renmen fè menaj nan kay.  Si m te gen lechwa, chak samdi mwen ta al chita bò lanmè Montrouis a pou m bwè byè depi solèy leve jis solèy kouche.
  I just don't like to do house chores.  If I had the choice, every Saturday I would go sit by the ocean of Montrouis to drink beer from sunrise to sundown.

-Enben si ou rayi l tout rayi sa a, se pou w anplwaye yon bòn pou fè menaj kay la pou ou.
 Well if you hate it that much, you should hire a maid to do the house chores for you.

-Non.  Mwen pito lave pwòp asyèt pa'm.  E mwen vle ranje pwòp kabann mwen tou.  Nanpwen moun ki ka fè pi bon dyòb pase m.
 No.  I rather wash my own dishes.  And I want to make my own bed too.  No one can do a better job than me.

-Nou pa oblije fè netwayaj jodi a.  Kay la p'ap soufri si n sote yon semèn.
 We do not have to do the cleaning today.  The house won't suffer if we skip a week.

-Men non, nou p'ap ka fè sa.  Sonje, nou te sote netwayaj la semèn pase?  E dayè, n'ap gen envite demen.
  But we can't do that.  Remember, we had skipped the cleaning last week.  And besides, we have guests tomorrow.

-Ki envite?
  What guests?

-Manman w ak nouvo mari l la ap vin dine avèk nou.
  Your mom and her new husband are coming to have dinner with us

-O O!  Nan ka sa a, an nou met men ansanm pou n ka fini pi vit.
  O O! In that case, let's team up together so that we can finish faster.

-Sa se yon bon lide.  M'a netwaye anndan an, e ou menm, ou va netwaye deyò a.
  Good idea.  I'll cleaning inside, and you'll do the outside

-Wi.  Mwen va lave fenèt yo. M'a bale payason yo. E m'a fè gazon an, epi pase rato sou li.
  Yes.  I'll wash the windows. I'll sweep the doormats.  And I'll mow the lawn and rake it.

-Dakò.  E mwen menm, mwen va siye mèb yo, pase bale elektrik nan chanm yo, e pase mòp nan rès kay la.
  Okay.  And as for me, I'll dust the furniture, vacuum the rooms, and mop the rest of the house

-Lè nou met men ansanm, kantite travay la vin diminye.
  When we team up together, the workload becomes lighter.

-Wi, konsa n'a fini anvan lontan.
  Yes, this way we'll be done before long.

-Distans pou apremidi rive, n'ap gentan sou plaj Montrouis a, lanbi griye nan yon men e yon boutèy wonm nan lòt men an.
By the afternoon we'll be at the beach of Montrouis, grilled conch in one hand and a bottle of rum in the other.

-Mwen renmen lè w pale konsa.
 I love when you talk like that.

-An nou kòmanse travay.
 Let's start working.

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

3 comments: