Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

Monday, April 7, 2014

Premye So Pa So (Audio)

Download link for this audio:
http://limanecasimi.audioacrobat.com/download/45300580-3676-ff73-5667-3c08a876cfa3.mp3

Click here to listen to this audio:
http://www.audioacrobat.com/play/WqmkhStW


Saw genyen figi w kagou konsa?
What’s wrong your face is so down and out?
Why do you look so down?
 
M santi lavi a mete pye sou kou m. Tout sa m fè pou m libere tèt mwen pa reyisi.
I feel life has put a foot on my neck.  Everything I do to free myself has been unsuccessful.
I feel that life has a foot on my neck.  I’ve tried unsuccessfully to free myself.
 
M pa janm tande w pale konsa avan.  Sa’w genyen?
I’ve never heard you talk like that before.  What’s wrong?
 
Janm travay di pou konmès mwen mache enpi sa pa janm fèt!  Men kounye a m pral oblije fèmen biznis mwen. M pa konn sa m va fè kounye a.  M pa janm reyisi nan anyen m fè. Mwen toujou echwe nan tout sa m fè.  Petèt m pa t fèt pou m gen siksè nan lavi a ditou.
I’ve worked so hard for my business to flourish and it’s never happened.  So now I’ll have to close my business.  I don’t know what I’ll do now. I never succeed in anything I do.  I always fail at everything I do.  Maybe I was not meant to be successful in life at all.
 
Sa  w’ap di la?  Sanble ou deside fè bèk atè nèt?
What are you saying?  It’s seemed that you have totally surrendered.
 
Men wi, m fin dekouraje  nèt.
Of course, I’m totally disappointed.
 
Pa dekouraje w zanmi m. Premye so pa so ditou.  Ou ka kilbite plizyè fwa nan lavi a, men lè w tonbe se pa pou w rete atè a.  Se pou w leve pou kontinye lite.
Don’t be discouraged my friend.  The first "fail" is no failure at all.  You may stumble many times in life but when you fall you shouldn’t stay down.  You must get up to continue to fight.
 
Mwen fin bay tout enèji m ak tout sa m te genyen .  M pa gen fòs ki rete pou rekòmanse ankò.
I have given all my energy and all that I had.  I don’t have strength left to start over.
 
Si tout moun t’ap fè tankou w.  Si yo te bay legen nan premye echèk yo fè anpil envasyon sou latè a pa t’ap egziste.
If everyone was doing the same as you, if they gave up at their first failures many inventions on earth wouldn’t have existed.
 
Men mezanmi si m’ap pede tonbe leve konsa, moun va di se madichon ki nan kò m kifè m pa ka reyisi nan anyen.
But If I keep going up and down like this people would say that it’s a curse that makes me unsuccessful.
 
Bliye sa tout moun panse oubyen di – Se pa pou yo w’ap viv.  Apre Granmèt la se ou menm ki mèt tèt ou.  Gade machè met fanm sou ou tande! Premye so pa so.
Forget what everyone thinks or says.  You’re not living for them. After God you are your own master.  Look my dear be courageous you hear!  The first fall is no fall.
 
Pou m di w laverite sa se pa ni premye ni dezyèm so mwen pran non.  Mwen kwè m sou katriyèm oubyen menm senkyèm.
To tell you the truth this is neither my first nor my second fall.  I believe I’m on my fourth or even my fifth.
 
Enben se pa gwo zafè.  Tank ou pran so se tank ou va jwenn divès fason pou pare so a.
Well that’s no big deal.  The more you fall, the more you’ll find diverse ways to break the fall.
 
A! petèt yon jou m’a envante kouman moun pare so.   Mèsi pou ankourajman ou.  Mwen te byen bezwen sa.
Ah! Maybe one day I’ll invent ways for people to break a fall.  Thanks for your encouragement. I really needed this.
 
Pa gen pwoblèm.  Kontinye eseye e kenbe la.
No problem.  Keep trying and hang in there.
 
 

Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words

7 comments:


  1. Janm travay di pou konmès mwen mache enpi sa pa janm fèt!
    for "konmès", can u use afe ?

    kamsa hamnida

    ReplyDelete
    Replies
    1. Yes you can use "biznis" ou "“afè / zafè”

      Delete
  2. Tank ou pran so se tank

    Can you translate ?

    kamsa hamnida

    ReplyDelete
    Replies
    1. tank ... tank - translate as the more ... the more

      tank ou pran so | se tank ou....
      the more you fall | the more you ....

      Delete
  3. Janm travay di pou konmès mwen mache enpi sa pa janm fèt!
    for "konmès", can u use bizinis ?

    kamsa hamnida

    ReplyDelete
  4. Mesi anpil

    kamsa hamnida

    ReplyDelete