Bonjou! Learn to Speak Haitian Creole

Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.

Most requested translations added here for your convenience: I love you → Mwen renmen w. I miss you → Mwen sonje w. My love!Lanmou mwen!

how do you I have to use the bathroom

I have to use the bathroom.
Mwen vle ale nan twalèt.
Mwen ta renmen ale nan twalèt.


Where's the bathroom?
Kote twalèt la ye?


Can I use your bathroom?
Eske mwen kapab itilize twalèt ou a?

Pipi kenbe m.
Mwen vle al pipi.

my eyes don't see anyone but you

My eyes don't see anyone but you.
Je m pa wè okenn lòt moun eksepte ou menm.
or
I have eyes only for you.
Mwen gen je pou ou sèlman.

What does "bon jan lodyans" mean?

Bon jan lodyans → great comedy, great entertainment, great comicality, great chat and conversation

Ask me anything

good luck in creole

"Fè yon jès", idiom?

Jès → gesture
Fè yon jès → make a gesture
Same meanings as in English (to make some type of motion, or to show someone how you feel)

Hello how are doing am interested in the lessons how do I start from the beginning or which lesson is the beginning thank you

To the right of the screen, start with any of the subjects listed, or start with February 2010 blog as suggested on top right of screen :)

Ask me anything

happy birthday in creole

Until → jis, jiska, jiskaske, jouk, jous, jouska , jouskaske




Download link for this audio clip

 

To listen to this audio post, click the play button and follow along :)
 


Bonswa tout moun!
Hello everyone!


Kouman nou ye?
How are you?


M espere tout moun trè byen.
I hope that everyone is doing well.




Untiljis, jiska, jiskaske*, jouk,  jous, jouska , jouskaske*

Until
1. Nou te danse jouk kò nou te fè n mal.
    Nou te danse jiskaske* kò nou te fè n mal.
    We danced until our body hurt

2. Li te mache jouk li te bouke.
    Li te mache jiskaske* l  te bouke.
    She walked until she was tired


Until as To/till
3. Chak jou yo te travay depi maten jouk aswè.  Men yo pa't janm peye yo.
    Every day they worked from morning till night.  But they were never paid.

4. Biwo a ouvè depi nevè jouk senkè nan apremidi
    The office is open from nine to five in the afternoon.

5. Yo te gade mandyan an depi nan tèt jouk nan pye, e yo pa’t ba li anyen.
    They looked at the beggar from head to toe, and they gave him nothing.

Until as Down to
6. Mwen te mouye jouk nan zo lè mwen te mache nan lapli a.
    I was drenched to the bone when I walked in the rain.

7. Tout moun dwe prezan nan reyinyon an, depi pi gran an jouk pi piti a.
    Everyone must be present at the meeting, from the oldest to the youngest.


Until - As far as
8. Fanmi an te tèlman dezespere, yo t’al wè yon doktè jouk nan peyi Lachin
   The family was so desperate, they went to see a doctor all the way to China.

9. Zette abite Philadelphia, men chak maten l’al travay jouk New Jersey.
    Zette lives in Philadelphia, but each morning she goes to work all the way to New Jersey.


Until as Up till, up to
10. Peyi a toujou menm.  Jouk jounen jodi, bagay yo pa janm chanje .
      The country is still the same.  Up to today, things have never changed.

11. Jouk kounye a, mwen te panse li te toujou New York
     Up until now I thought she was still in New York

12. Jouk jounen jodi a, li pa janm pale avè m.
     To this day, she’s never talked to me.


 Until the time, until the day 
13 Li pa't janm pale ankò jouk jou li te mouri
      She never spoke again until the day she died.

14. Ti bebe a te kriye depi lè l leve jouk lè l’al dòmi.
       The baby cried from the time he woke up till the time he went to sleep.

Enben se tout. Mèsi, e pase yon bon jounen.
Well that's all,  Thanks, and  have a good day.

*jiskase or jouskaske is used as a conjunction since it means "until the time that"

What about jiska and jouska?  Are there instances where you can't use them?
Well since the words jiska and jouska end with a vowel, I would only recommend that you avoid using them in front of words which begin with a vowel.

Do you know the Kreyol lyrics to the childrens song, "Ala m' kontan Jezi renmen mwen". Not sure about the second half of the song. thanks!

Ala m kontan Jezi renmen mwen
Ala m kontan Jezi renmen mwen
Ala m kontan Jezi renmen mwen
Glwa Alelouya! Jezi renmen mwen

Sote ponpe! Jezi renmen mwen
Sote ponpe! Jezi renmen mwen
Sote ponpe! Jezi renmen mwen
Glwa Alelouya! Jezi renmen mwen

Sa pa fè m anyen si, satan rayi mwen
Sa pa fè m anyen si, satan rayi mwen
Sa pa fè m anyen si, satan rayi mwen
Glwa Alelouya! Jezi renmen mwen

Ask me anything

to lie (in Creole)

To lie → bay manti
liar → mantè


I think you're lying to me.
Mwen panse w'ap ban m manti.


That's a lie.
Sa se manti.


Why did you lie to me?
Pouki sa ou te ban m manti?

I can't wait to see you tonight (in Creole)

I can't wait to see you tonight.
Mwen pa ka tann pou wè w aswè a.

Haitian Creole for "two-faced"

two-faced (back-stabber, double-dealer)
trèt, ipokrit, mètdam, koken, kouto de bò, kaka bèf

'This morning..' in Creole is "Maten an"? Why doesn't "maten an" translate as "the morning"?

This morning → maten an or maten sa (sometimes)


How are you doing this morning?
Kouman ou ye maten an?


Where are you going this morning?
Kote ou prale maten an?


the next morning
nan demen maten


the next day
nan demen
nan landmen


When I woke up the next day, he was already gone.
Lè m te reveye nan demen, li te gentan pati.


Will you be here tomorrow morning?
Eske w'ap la demen maten?

kisa le mwen soti lekol vle di?

Lè       | mwen  | soti                 | lekòl.
When  |     I       | come out of     |  school.

When I come from school.

how do you say MAY I PLEASE USE THE RESTROOM?

May I please use the restroom?
Eske mwen kapab itilize twalèt la silvouplè?

how do you say today was great god is good

Today was great. God is good.
Jodi a te anfòm. Bondye bon.

The day was great.  God is good.
Jounen an te anfòm.  Bondye bon.

how do you say have a good night and may god bless you always your a great guy

Have a good night. May God bless you always. You're a great guy.
Pase yon bon nwit. Se pou Bondye toujou beni w. Ou se yon bon nèg.

mwen prale en creole??

Mwen prale (Mwen pral ale)I'm going, I'm leaving, I'm outta here.

How do you say love is blind

Love is blind.
Lanmou avèg.

i have church this evening

I have church this evening.
Mwen gen legliz aswè a

I'm going to church this evening.
M pral legliz aswè a.

will u maryy me in creole

Will you marry me?
Eske ou ta vle marye avè m?

help

help (n.) →èd, sipò, kout men, konkou

help (v.) → ede, sipòte, voye monte, bay kout men, bay konkou, bay bourad, apiye, pote kole

Thanks for your help.
Mèsi pou èd ou.
Mèsi pou sipò w.

I need your help.
Mwen bezwen konkou nou.

Help me.
Ban m yon kout men.
Ede m.
Ban m yon sipò.
Ban m yon bourad
Voye m monte
Apiye m.

I'd like to help you.
Mwen ta renmen ba w yon bourad.
Mwen ta renmen ba w yon kout men.
Mwen ta renmen voye w monte.
Mwen ta renmen ede w.

how you say breast

breasttete, sen
to breastfeed → bay tete

friendship and friend

friend zanmi
friendship → zanmitay, kòkòday

Mwen sonje lanmou mwen!

Mwen sonje lanmou mwen!
I miss my love!

I hope your love is not too far :)  peace.

"mèsi"

mèsi is Haitian Creole for thank you


There aren't too many other ways to say it in Haitian Creole:
Mèsi (thank you)
Mèsi anpil (thank you very much)
Mèsi mil fwa (Thanks a thousand times)
Mil mèsi (a thousand thanks)
Mwen remèsye w (I thank you)
Mwen di w mèsi (I say thanks)
Mwen apresye sa (I appreciate it)
Mwen rekonesan (I am grateful)
Danke! (just kidding :)


See more ways to be thankful

Is Haitian Creole translation for "Pretty" and "Sexy" the same?

What is pretty is not necessarily sexy. ..and vice versa.

So, are we talking about a pretty hatyon bèl chapo
Or could it be a sexy hat → yon bèl chapo

Or perhaps it's a pretty house → yon kay pwòp, yon bèl kay
Question?  Is the house pretty because it's clean?  Or, would it still be pretty if it was dirty?

A pretty woman perhaps:
yon joli bebe (if she's beautiful, maybe cute too)
Yon ti zanj (if she's immaculate)
Yon fanm bwòdè (if she's well dressed, not necessary classy)
Yon fanm kokèt (if she's got style)
Yon bèl nègès (a creole beauty?)
Yon Ezili Freda (captivating, even sexy)
yon fanm byen kanpe (if she's sexy)
yon fanm dyanm (she's got it all, maybe intimidating)


A handsome guy:
Yon gason byen kanpe (he's definitely got it)
Yon gason ak tout founiti klasik li (hello! sexy..)
Yon bo gason (handsome, does not necessarily mean sexy)


So, what's your Haitian Creole word for pretty or sexy :)

how do you say"do you have any questions?"

Do you have any questions?
Eske nou gen kesyon?
or
Eske nou gen okenn kesyon?


Do you want to ask a question?
Eske ou vle poze yon kesyon?


What is your question?
Ki kesyon ou vle poze?


Are there any other questions?
Eske gen lòt kesyon?

When do you know to say "yo" at the end of a statement in Creole?

There are many instances where you will find "yo" at the end of a sentence.
"yo" is Haitian Creole for "they, them, their". And it also comes after nouns as a plural article.
Would you take a look at the following examples?


As a plural article (the):

the books → liv yo

the cars → machin yo

She's painting the chairs.L'ap pentire chèz yo.

I love the flowers. → Mwen renmen flè yo.


I hope you brought the kids' toys.
M espere ou te pote jwèt timoun yo. (see possessive nouns)



As a plural demonstrative adjective (these, those):

these plants → plant sa yo
those kids → timoun sa yo

Look at all these people! → Gade moun sa yo!

I don't believe in these things. → Mwen pa kwè nan bagay sa yo.

I love these shoes. → Mwen renmen soulye sa yo.

Where did you find these? → Kote w te jwenn sa yo?


As the subject pronoun (they), "yo" comes before the verbs.
They are done. → Yo fini.
They talk too much. → Yo pale twòp.


As plural possessive adjective (my, your, their...) or within the possessive pronouns (theirs - pa yo)

my eyes → zye mwen,  zye mwen yo or zye m yo

his children → pitit li or pitit li yo
our children → pitit nou or pitit nou yo

I don't want her to drive, so I took her keys.
Mwen pa vle li kondwi, se pousa mwen pran kle li yo.

Thanks for returning my books.
Mèsi deske ou te retounen liv mwen yo.

Yesterday I saw your kids.
Yè mwen te wè timoun ou yo.


I did not like his last classes.
Mwen pa't renmen dènye klas li yo.


I can't believe she threw away all her clothes.
Mwen pa ka kwè li te jete tout rad li yo.


I brought my papers.
Mwen te pote papye mwen yo.




As the object pronoun (them), you will find "yo" at the end of a phrase also.

I love them.
Mwen renmen yo.

I talked to them.
Mwen te pale ak yo.

Those are mine. Don't touch them.
Sa yo se pa'm. Pa manyen yo.

I can't find my shoes. Have you seen them?
Mwen pa ka jwenn soulye m yo.  Eske ou te wè yo?

"chaje" in Creole is

Chaje → loaded, packed, very busy, to be burdened, overwhelmed (also sichaje)


Tèt li chaje.
His/her head is burdened. (literally)
He/she is troubled.


Malèt la chaje, li pa ka pran anyen ankò.
The suitcase is overloaded, it cannot be filled anymore.


Jounen mwen te chaje.
My day was full. (literally)
I had a busy day.


kilot dechire

kilòt dechire → torn up panties
kanson dechire → torn up underwear or pants

yes, some kids in Haiti do walk around with their buttocks bare, or sometimes miserably looking underwear.

Ask me anything

poze

Poze, repoze - to rest, to take a break
poze yon kesyon to ask a question, to inquire about

"cracked"in Creole. as in "I can't buy this egg because it's cracked"

cracked → fele

Don't use this glass, it's cracked.
Pa itilize vè sa, li fele.

I can't buy this egg because it's cracked.
Mwen pa ka achte ze sa a paske li fele.

"It is official."

It's official.
Se bon pawòl.
Se definitif.
Se tout bon.
Se ofisyèl.

He's been 'like that' since this morning. How would you say "like that" in Creole?

Like that → konsa

He's been like that since this morning.
Li konsa depi maten.

She was like that when I found her.
Li te konsa lè m te jwenn ni.

I was born that way.
Mwen te fèt konsa.
or
Se konsa mwen te fèt.

You shouldn't talk to him like that.
Ou pa ta dwe pale avè l konsa.

haitian creole french word for food

French for food: nourriture
Haitian Creole for "food": manje

Example:
I need food.
Mwen bezwen manje.

I brought some food for you.
Mwen pote manje pou ou.

What kind of food is that?
Ki kalite manje sa ye?


It's important to know that Haitian Creole for "to eat" is also "manje"

Example:
We'll eat together tonight.
Na va manje ansanm aswè a.

I eat the food.
Mwen manje manje a.

HOW TO SAY IM LOOKING FOWARD TO MEETING YOU

I'm looking forward to meeting you.
M'ap tann rankont nou avèk plezi. (I await our encounter with pleasure)
M'ap tann rankont nou avèk enpasyans. (I impatiently await our encounter)
Mwen pa kab tann pou nou rankontre. (I can't wait for us to meet)
Mwen pa kab tann pou m rankontre w. (I can't wait to meet you)




to look forward to → tann avèk plezi, tann avèk enpasyans, pa ka tann


I'm looking forward to the day of the party.
M'ap tann jou fèt la avèk enpasyans.


I'm looking forward to talking with you again.
M pa ka tann pou nou pale ankò.


I'm looking forward to our rendez-vous.
M'ap tann jou randevou nou avèk plezi.

"To win" in Creole is "genyen" - and "genyen or gen" is the also Creole for "to have?"

Mè wi, se sa!
Yes!

How would you translate the expression 'knock on wood'? nan Kreyol?

Knock on wood! (is it the same as Bite your tongue?)
Mande Bondye padon!

How do you say"wife"

je crois en Jesus-alabanza lyric




Je crois en Jésus (I believe in Jesus)
 
As sung at the "Concert D'adoration du pasteur chantre Emmanuel APATA"
French Version
Je crois en Jésus
Je crois qu’il est le fils de Dieu
Je crois qu’iI est mort et ressuscité
Je crois quil a payé pour tous
Et Je crois qu’il est ici
Présent au milieu de nous
Tout puissant pour nous guérir
Et par sa grâce nous pardonné

Je crois en toi seigneur
Je crois tu es le Fils de Dieu
Après ta mort Dieu t’a ressuscité
Je crois tu as payé pour tous
Et je crois que tu es là
Présent au milieu de nous
Tout puissant pour nou guérir
Et par ta grâce nous pardonné



O O O Je crois en Jésus!


Haitian Creole Version

Mwen kwè nan Jezi
Mwen kwè li se pitit Bondye
Mwen kwè li mouri e resisite
Mwen kwè li peye tout pou nou
E mwen kwè li isit la
Prezan nan mitan nou tout
Tou pisan pou geri nou
E padone nou ak gras Li

Mwen kwè nan Ou Senyè
Mwen kwè ou se pitit Bondye
Aprè lanmò w, Bondye resisite w
Mwen kwè ou peye tout pou nou
E mwen kwè li isit la
Prezan nan mitan nou tout
Tou pisan pou geri nou
E padone nou ak gras Li

what is your name?

Kijan ou rele?
Kijan yo rele w?
Ki non w?

What is the Haitian Creole term for "spitting image"

spitting image (look-alike?) → tèt koupe, kon de gout dlo

You are the spitting image of your father.
Ou sanble tèt koupe ak papa w.
Ou menm ak papa w sanble kon de gout dlo.

The baby is the spitting image of his grandfather.Ti bebe a sanble tèt koupe ak granpè li.

What does 'sak pase' mean in creole

What's happening?

What does sak genyen mean in creole

Sa'k genyen? (contracted)
Kisa ki genyen? (un-contracted)
What's going on?

what does Kijan elèv yo ye mean?

Kijan elèv yo ye?
How are the students?

Ask me anything

Good Morning!!!

w'ap boule piti piti?

Ask me anything

se mwen menm li e li se mwen

Do you mean: Mwen se li e li se mwen → I am him/her and he/she's me.

Ask me anything

Mandaly, what is 'we pa we'?

wè pa wè → whether you're ready or not, whether you show up or not, whether you like it or not

Wè pa wè, spetak la ap koumanse a setè.
Ready or not, the show will start at seven.

How about "stuff" in Creole as in "do not stuff your mouth"? Thanks!

to stuff → boure

Do not stuff your mouth.
Pa boure bouch ou.

have we ever had sex before. can you translate that into creole please

Have we ever had sex before?
Eske nou te janm fè sèks deja?
Eske nou te janm rantre nan relaksyon seksyèl deja?

Have you ever had sex with me before. (from your second question asked)
Eske ou te janm fè sèks avè m deja?
Eske ou te janm rantre nan relaksyon seksyèl avè m deja?

The government is shutdown

The government is shutdown.
Gouvènman an fèmen definitivman.
or
Ofis gouvènman yo fèmen definitivman.

how do i say first

First (adj.) → premye
First (n.) → premye
Firstly (adv.) → an premye, premyèman

Second (adj) → dezyèm
Second (n.) → dezyèm
Secondly (adv.) → an dezyèm, dezyèman

Third (adj.) → twazyèm
Third (n.) → twazyèm
Thirdly (adv.) → an twazyèm, twazyèman

I was there first.
Mwen te la an premye.

I am the first child.
Mwen se premye pitit.

My brother is the third.
Frè mwen an se twazyèm nan.

First, 'd like to talk to you, then we'll eat.
Premyèman, mwen ta renmen pale ak ou, apre na va manje.

epav

epav → vagabond, bum, tramp, hobo. etc...

You are welcome

You're welcome → deryen, padekwa, ou merite l, se pa't anyen, ak tout plezi m.

what "malere prankou la vil lal touche Nan monn" means?

Malere pran kou lavil, l'al kouche nan mòn
The destitute take a strike in town, he goes to lay down in the hills.

Ask me anything

how to translate in creole if you are for Snap the program formely known as food stamp

If you are for SNAP, the program formely known as Food Stamp.
Si ou pou SNAP la, pwogram yo te rele Food Stamp lan.

Ask me anything

how do you say happy birthday to your male cousin?

Happy birthday my cousin!
Bòn fè kouzen mwen!

cousin (male) → kouzen
cousin (female) → kouzin

Ask me anything

what does Mwen ap bay tout moun to yon akolad mean?

Mwen ap bay tout moun yon akolad pou ou.
I will give everyone a hug / an embrace for you.

Ask me anything

mache rive?

Mache rive → to walk to, to take the road by foot

Mwen mache rive lavil.
literally: I walked to arrive to town.
I walked to town.

Mwen mache rive lakay.
I walked home.

Ask me anything

how do you say bring me something to eat in creole

Bring me something to eat.
Pote yon bagay pou m manje.
or
Bring me some food.
Pote manje pou mwen.

Ask me anything

Is Cherie a common word to use among friends?

Yes, among good friends that you cherish.
It's the equivalent for dear, or sweetie

Ask me anything

translation for viv pou renmen

Viv pou renmen → live to love

Ask me anything

how do say lil mama

lil mama? Is this literally the same as "little mama"?
What meaning would it carry for you?
Are you calling a child "lil mama" or is it someone older?

little mama → ti manman, ti madanm, or ti granmoun

Ask me anything

how do you say grandpa in creole?

Grandpa → granpapa, granpè, lepè

I am looking for the Haitian Creole words for these English words: sorrow, joy, greed, giving, fear, security,hate,love,stress,peace,pride, humility

sorrow → chagren, lapenn, tristès, dlo nan je, detrès
joy → lajwa, kè kontan, gete, rejwisans
greed → goumandiz, safte, vorasite
giving (adj.) →charitab, gen bon kè
fear → laperèz, kaponnay, kè kase, kè sote
security → sekirite, kè poze
hate → rayisman, degoutans

love → lanmou, afeksyon, apresyasyon,
stress → tansyon, presyon, kè sou biskèt, panik
peace → lapè, trankilite, kè poze
pride → fyète, lonè, dinyite
humility → imilite, obeyisans

how do you say best wishes on your birthday my friend

Best wishes: http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/best%20wishes

Happy Birthday: http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/happy%20birthday

Ask me anything

you're welcome

Saying: You're welcome:
http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/08/de-ryen-padekwa-oubyen-ou-merite-what.html

Being thankful: http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/grateful

Ask me anything

And

The many ways to say "and" in Haitian Creole: http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/and

Ask me anything

Hi, and thanks for this great website! I'm wondering if there's some phonological rule - formal or otherwise - for using, say, "m" instead of "mwen," "l" for "li," etc. I've snooped around the website but haven't seen anything. mesi!

Contracting the subject and object pronouns:
http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/10/is-it-like-english-that-if-you-are.html

Contraction for subject pronoun, object pronoun and possessive adj. "OU": http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/05/i-have-such-trouble-hearing-how-to-say.html

More about Contractions: http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/09/some-creole-contractions.html

Contracting the subject pronouns when using the present progressive form: http://sweetcoconuts.blogspot.com/2011/10/map-wap-lap-nap-yap-means-what-in.html


Contractions: http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/contractions

Ask me anything

what does kontan ou cherie means?

Did you mean "Ou kontan cherie?" → Are you happy dear?

Ask me anything

my king

My king → wa mwen
My Savior → Sovè mwen
My friend → zanmi mwen

whats the difference between remen and lamou

renmen (v) → to love, to be in love

lanmou (n.) → love

do not do that to me? - "Pa fe mwen sa." oubyen "Pa fe sa pou mwen."

The first one is accurate :)

Don't do that to me.
Pa fè mwen sa. (uncontracted)
Pa fè m sa. (contracted)


The second sentence that you have means: "Don't do it for me."

I will give it to you tomorrow!

I will give it to you tomorrow.
Ma ba ou l demen . (contracted)
Ma va ba ou li demen. (uncontracted)

Men janm mate l. Also: Thanks for the audio lessons!

Great! You're welcome.

mate (v.) → to bounce (a ball), to subdue, to beat down, to subjugate, to mellow, to keep under control.

Men jan m mate l. (contracted)
Men jan mwen mate li. (un-contracted)
Here's how I bounce it. (a ball?)
Here's/This is how I kept him/her under control.
Ask me anything

Gadyen an atrape boul la.
The goalie caught the ball.

L'ap mate boul la sou jenou l.
He's bouncing the ball on his knees.


L'ap trible l.

Gòl!!! Gadyen an pran yon gòl.
The goalie took one shot /goal.

L'ap mate boul la.
He's bouncing the ball.
Li fè yon gòl → He scored a goal.
Li bay yon gòl → He scored a goal.
Ekip la bay yon gòl. → The team scored a goal.

Li pral choute boul la.
He's going to kick he ball.



when i have time

when i have time
Lè m gen tan

When I have the time, I'll fix the roof of the house.
Lè m gen tan, m'a repare twati kay la.

What are you going to do about your daugther insurance.

What are you going to do about your daugther insurance?
Kisa ou va fè sou koze asirans pitit fi w la?

ki gran jou sa va ye

Ki gran jou sa va ye
What great day this will be (literally)

to tint (windows, hair, paint)

to tint (a car windows?) → fimen, nwasi
to tint (hair?) → kolore
to paint → pentire

"I am overwhelmed with joy."

I am overwhelmed with joy.
M'ap debòde ak lajwa.

My heart is overwhelmed with joy.
Kè mwen debòde ak lajwa.
and also:
 Kè mwen ap debòde ak lajwa.

Literally this means:  My heart is inundated or overflowing with joy.

what's up

O O!

What's up :)
Sa'k pase?

God is love

God is love.
Bondye se lanmou.

Punching bag (in Creole)

punching bag (for boxing?) → sak pwensonaj

Crashe?

Did you mean: "krache"?
krache (n.) → spit
krache (v.) → to spit

Pye? (in Creole)

pye → foot
a pye → on foot, by foot
pye a tè → barefoot
kout pye (n.) → a kick
bay kout pye → to kick

pye bwa → tree
pye zannana (or pye anana) → pineapple tree*
pye fig → banana tree
pye mangomango tree
pye pòmapple tree
pye tabthe leg of a table
pye chèz → the leg of a chair

Pineapple, in Haitian Creole, can be ANANA or ZANNANA.

Private Bathroom

Private Bathroom → Twalèt Prive

"Bòn fèt sent valanten mon cherie- mwen renmen ou tou." ??


"Bòn fèt sent valanten mon cherie- mwen renmen ou tou"

Aww!  Somebody, somewhere is loving you too on Valentine's Day.

I would like to see you today. (Creole)

I would like to see you today
Mwen ta renmen wè w jodi a.

Ou pran yon kout ponya

Ou pran yon kout ponya.
You've been stabbed.

You've been stabbed by a dagger.

Happy Valentine's Day (In Haitian Creole)

Happy Valentine's Day.
Bòn fèt Sent Valanten.

 
Yanick Etienne ap chante "Mwen Renmen w!"


Love, love, and more love "quotes" ( in Creole)
I love you (in Creole)
I love you honey (in Creole)
15 different ways to say "I Love You!" (in Creole)
I miss you (in Creole)





I LOVE YOU (In Creole)

I love you.
Mwen renmen w.

how do you say I love you

Seek and you shall find my friend :)
There are more than a hundred posts in this blog that says (and translates) "I love you" in Creole.
And also, just look up the computer screen by the blog's title, you'll find it too :)

http://sweetcoconuts.blogspot.com/search/label/love

Ask me anything

how u say on something in creole

Make me happy. Give me more details :)

On something? As in:

She's on drugs....?
They're on fire...?
I'm on a mission to save the world....?
We're on the island...?
We're on the road to nowhere...?
etc...

everybody

everybody → tout moun
each person → chak moun

No One, Anyone, Nobody (in Haitian Creole)


Download link for this audio clip: http://limanecasimi.audioacrobat.com/download/e11080c0-c984-7f8d-3b8c-2080f7eef7b3.mp3

To play this audio clip, click on the play button, listen and follow along :)


Bonswa mesyedam.  Kouman nou ye? 
Good evening ladies and gentlemen.  How are you? 

Mwen espere tout bagay ap mache trè byen.
I hope everything is going very well.


No one, nobody, anyone 
Pèsonn, okenn moun, pyès mou

There's no one / There isn't anyone
Pa gen moun, pa gen pèsonn, pa gen okenn moun, pa gen pyès moun

Pa gen → Pa genyen → There isn't / There aren't
examples:
1. Pa gen anyen. - There's nothing.
2. Pa gen bis k'ap vwayaje jodi a. - There are no buses traveling today.

1. Nou envite yo nan fèt la, men pèsonn pa't vini.
    Nou envite yo nan fèt la, men okenn moun pa't vini.
    We invited them to the party, but no one came.


2. M gade a goch epi m gade a dwat, mwen pa't wè pèsonn.
    M gade a goch epi m gade a dwat, mwen pa't wè okenn moun.
    I looked to the left and I looked to the right, I saw no one.


3. Pèson pa konnen kisa sa ye.
    Okenn moun pa konnen kisa sa ye.
    No one knows what this is.


4. Pèsonn pa't janm di m sa.
    Okenn moun pa't janm di m sa.
     No one ever told me that.


5. Pa gen pèsonn ki janm renmen m tankou l.
    Pa gen okenn moun ki janm renmen m tankou l.
    No one ever loved me like he did.


6. Mwen pa janm rankontre pèsonn tankou w.
    Mwen pa janm rankontre okenn moun tankou w.
    I've never met anyone like you.

7. Nèg sa mechan.  Pèsonn pa ka touche l.
    Nèg sa mechan.  Pa gen okenn moun ki ka touche l.
    This guy is evil.  No one can touch him.

8. Mwen pa konn pèsonn nan katye a.
    Mwen pa konn okenn moun nan katye a.
    There's no one in the neighborhood that I know.

9. Pèsonn p'at janm di sa t'ap fasil.
    Pa't gen moun ki janm di sa t'ap fasil.
    No one ever said that it would be easy.

Se tout.  Mèsi e orevwa.
That's all. Thanks and goodbye.