Bonjou! ...Mèsi! ...E Orevwa! Search for English or Haitian Creole words translation. Also search the whole site for expressions, idioms and grammar rules. And ask questions about the language in the ASK QUESTIONS HERE section.
Most requested translations added here for your convenience: I love you →Mwen renmen w. I miss you →Mwen sonje w.My love! → Lanmou mwen!
Dabitid si w bezwen yon non itilizatè (yon username), w ap bezwen yon modpas tou.
Donk chache yon non ki ap fasil pou sonje, enpi chache yon modpas ke ou p ap bliye fasil.
Gen non itilizatè ki egzije pou gen yon nimewo tankou 1 a 9, yon karaktè tankou !$*, ak yon lèt majiskil, chache rantre tou egzijans sa yo nan non itilizatè a. Pa egzanp mwen kapab itilize yon non itilizatè ki genyen tout egzijans sa yo tankou 3Tanbou!, li genyen yon nimewo, yon lèt majiskil, lèt miniskil, ak yon karaktè. Bòn chans :) Haitian Creole ↔ English Reference, Look up Haitian Creole and English Words
Hi, a couple of proverbs about gratefulness: Poul bwè dlo, men li pa bliye Bondye - Chickens drink water, but they don't forget God Sonje lapli ki fè mayi leve - Remember the rain that makes corns grow.
And a couple of proverbs about ingratitude: Ou pa ka chita sou kui bèf enpi w ap pale bèf mal - You can't sit on the cow's leather and then badmouth the cow. Fè byen, granmesi nanpwen - There's never any thanks for good deeds Granmesi bourik se kout baton - Gratefulness is shown to the donkey by whipping the donkey.
Si w ap pale egzamen pèmi pou kondui nan eta Florida la, depi ou gen liv la, se etidy pou w etidye li.
Li pa twò difisil.
Senpleman pran san w. Li enpi reli liv la pou w kapab vin familye avèk enfòmasyon yo.
Mwen ta konseye w pou pa bat pa kè paske ou kapab retni enfòmasyon an pi byen e pou pi lontan lè ou pran san w pou li enfòmasyon an. Bòn chans :)
Kòm pwofesè Michel Degraff di, "Nou gaspiye richès lengwistik lè timoun lekòl Ayiti yo koumanse aprann fè lekti avèk yon òtograf ki pa baze sou lang matènèl yo".
Richès yon peyi se nan kilti li, nan kalite manje li fè, nan tradisyon mizik li, e nan lang li tou.
Ameriken yo p ap janm fè timoun kindergarten yo koumanse li nan lòt lang pase angle sèlman.
Franse yo p ap janm kite timoun klas anfanten li yo koumanse li nan okenn lòt lang pase franse sèlman.
Timoun panyòl yo toujou koumanse aprann li nan lang matènèl yo.
Aktyèlman, tout timoun tout peyi toujou koumanse aprann li nan lang ke yo konnen depi yo piti.
Nou espere timoun Ayisyen yo va suiv menm egzanp sa a.
Pou nou gen "lekòl tèt anwo, nan yon peyi tèt anwo", fòk nou eksplore richès lang kreyòl la nan aspè syantifik li. Suiv tweets @MichelDegraff yo pou nou rete konekte avèk dènye nouvèl sou avansman lang kreyòl la. Enpi gade e pataje videyo sa:
In Haitian Creole we write bese leve. In that context, it means housework, house chores, work or labor that requires physical efforts, domestic work like cleaning, laundry (lesiv washing clothes by hand), etc.....
When I was growing up in Akayè our Saturdays was very busy with house chores, shopping at the market, cooking preparation (you know.... netwaye vyann pou semenn nan), cleaning, mopping and getting ready for Sundays. We also washed our hair on Saturdays. We took our weekly medicine which was a laxative made of castor bean oil and some blended leaves....good stuff :)
Yes, jou bese leve se jou travay nan kay enpi, se jou tou, pou fè lesiv ak ale nan mache.
Hi.
First of all, the word is joure (as a trans. verb). Joure or jouman can be used as nouns. Joure means to curse or insult someone as well as it means to nag or to have a nasty argument.
You may say, Se tout tan fanm sa a ap joure m pou m mete fatra yo deyò. - This woman has been nagging me about putting the garbage out for a long time.
Direktè a te fache. Li te kanpe devan klas la enpi l te joure elèv yo pou bagay malonèt ke yo te fè. -The principal was angry. He stood in front of the class and rebuked the students for the shameful things that they did.
Yon
nouvo zouti enpòtan ki kapab ede timoun Ayiti yo aprann
Se
Dory Piccard Dickson ki ekri atik sa a ann angle, enpi se Mandaly Louis-Charles
ki tradui li an kreyòl
“Imajinen yon nouvo Ayiti kote
tout moun, finalman, kapab li ak ekri lang natif natal yo.” (Michel DeGraff, Massachusetts Institute of
Technology, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen)
Refleksyon
sou eksperyans yon elèv lekòl ann Ayiti:
Lè
Mandaly Louis-Charles t ap grandi ann Ayiti, pwofesè lekòl, jeneralman, te konn
fè tout klas yo an franse, yon lang ke pifò elèv pa janm abitye pale lakay yo.
Se nan bat pa kè elèv yo te konn aprann ti mòso nan lang franse a. Toudabò,
elèv yo memorize ABC lang franse a, lèfini elèv yo memorize mo yo, enpi fraz
yo. Apre sa, timoun yo aprann ki sa mo yo vle di. Nan epòk sa a, klas yo
pa t separe ak miray. Nan kèlkeswa nivo klas nou te ye a, nou te
toujou ap tande timoun ki t ap resite alfabè a. Pa te gen chape pou nou. Alfabè
franse a te nan wèl nou tout tan.
Nan lekòl
la menm, timoun pa t gen dwa pale kreyòl. Se nan memwa zo bwa tèt yo ke yo
te blije chache kèk grenn mo pou yo degaje yo pou pale franse, yon lang yo pa
pale ni lakay yo, ni ak ti zanmi yo lè y ap jwe, ni okenn lòt kote nan kominote
a. Pa mande Bondye yon pwofesè ta bare yon elèv ap pale kreyòl, lang natif
natal li; se ale nan pinisyon tou dwat. Pafwa, pinisyon an konn byen rèd.
Alèkile gen ti pwogrè ki fèt: ou kapab jwenn klas kreyòl nan pwogram lekòl yo.
Men, kwak sa, yo anseye kreyòl la kòm yon matyè ki separe ak tout lòt yo.
Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki rive fonde an 2014, ap travay pou chanje sa. Y
ape travay pou kore itilizasyon kreyòl nan tout sektè lasosyete. Men, pou
kounye a, kominikasyon alekri gouvènman an ansanm ak lwa ak dekrè, se an franse
sèlman ke prèske tout dokiman sa yo pibliye .
Videyo
a:
Mandaly
Louis-Charles, yon fanm vanyan k ap milite pou lang kreyòl la, te kolabore
ansanm ak animatè Robert Capria, mizisyen Bémol Telfort, enpi pwofesè
lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), Michel DeGraff, pou
pwodui yon videyo edikasyonèl pou entwodui premye chante sou alfabè kreyòl la.
Louis-Charles
ak DeGraff te kolabore ansanm pou yo ekri pawòl yo. Louis-Charles te kreye
melodi a, enpi li chante chante a ansanm ak amoni yo. Telfort te jwe tanbou e
bat kata tou pou akonpaniman mizik la te konplè.
Sa se
premye chante ak videyo ki fèt sou alfabè kreyòl ayisyen an. Pou entèpretasyon
règ òtograf kreyòl la, ekip la te chwazi imaj avèk pawòl ke tout Aysisyen,
granmoun kon timoun, konnen byen. Yo te marye bèl rit tanbou ak melodi a, bèl
rit ki chita byen fon nan kilti nasyon Ayisyen an depi nan nesans li.
Michel DeGraff
di kon sa:
“Chante
sa a gen rasin ki antre fon nan bèl tradisyon ki nan nannan kilti nou. Li va
bay timoun yo yon grap plezi, e li va ba yo anpil angouman pou yo aprann li, ak
kè kontan, nan lang natif natal yo.”
Tit chante a se Alfabè kreyòl nimewo 1. Nenpòt moun
kapab telechaje li pou granmesi nan adrès YouTube sa a:
E si yo ta enterese chante chante
a tou, yo va jwenn pati mizik la ansanm ak akonpaniman san vwa nan CD Baby,
iTunes, Amazon, Google Play, ak Gracenote MusicID. Si gen kèk mizisyen ki
enterese nan sòlfèj mizik la, yo va jwenn li nan sit sa a: sweetcoconuts.blogspot.comnan mwa k ap vini yo, pandan ete 2015 lan.
Ekip la pa te sèlman kreye yon sèl
videyo. Yo te kreye yon dezyèm chante ki entèprete prensip fondamantal òtograf
kreyòl la. Dezyèm chante sa a rele Alfabè
kreyòl nimewo 2. Ou kapab wè yon ti apèsi chante sa a nan YouTube, nan
adrès sa a:
“Mwen espere tout moun va gen anpil plezi pou
aprann sistèm òtograf kreyòl la pandan y ap chante.”
Ki sa
ki fè videyo sa a san parèy:
Animasyon
nan videyo a byen fèt e li atiran. Akonpaniman enstriman yo pa anvayi pawòl
chante a. Lè w ap koute chante alfabè a, ou kapab tande pawòl yo byen klè
pandan tanbou an ap bat anba anba.
DeGraff prevwa:
“Mwen kwè
vwa Mandaly ak akonpaniman tanbou an va fè chante sa a popilè nèt ann Ayiti!”
Konsènan
pwodiksyon videyo a, Mandaly te di “Se te yon privilèj pou mwen te travay ak
Bémol Telfort sou akonpaniman mizik la. Li se yon mizisyen ki gen anpil talan e
se te yon gran plezi pou nou te travay sou pwojè a ansanm. Tout bagay te
tonbe nan plas yo lè Robert Capria nan ActualityFilms.Com
te dakò pou kolabore nan pwojè a tou. Capria, yon Ameriken, te pase yon ti tan
Ayiti e se kon sa li te vin fè eksperyans avèk lavi ann Ayiti. Eksperyans sa a vin parèt nan animasyon li
yo.”
Kòm nou
te di, ekip la te travay sou yon dezyèm chante tou. Nan dezyèm chante sa a,
Louis-Charles ak DeGraff te espesyalman kontan dèske yo te gen opòtinite pou yo
entegre prensip fondamantal òtograf kreyòl la nan chante a:
Chak lèt rete nan wòl yo. Chak son ekri menm jan. Nan pwen
lèt ki bèbè. Chak lèt gen yon sèl son.
Entwodiksyon
premye chante sou alfabè kreyòl la nan ane 2015, se yon bagay ki ekstraòdinè lè nou konsidere ke anrejistreman
dwa otè pou alfabè lang angle a te fèt depi nan ane 1835. Chante
tradisyonèl alfabè angle a, ki pa chante selon fonèm ki koresponn ak lèt yo,
gen menm melodi ak “Twinkle Twinkle
Little Star.” Sa ki fè pwojè alfabè kreyòl la diferan, se jan melodi ke Louis-Charles
kreye a pa te egziste anvan. Se yon melodi ki orijinal nèt.
Pou ki sa
se 180 lane apre chante sou alfabè angle a ke nou jwenn chante sou alfabè
kreyòl la? Se ka paske se trè raman ke
yo te rive kouche lang kreyòl la sou papye anvan ane 1960 yo. Enpi lè sa te rive fèt, se ak òtograf franse
a ke yo te sèvi. Se te jouk nan ane 1980
ke kreyòl la te vin gen pwòp sistèm òtograf ofisyèl pa li. Se òtograf sa a ki sèvi jounen jodi
a. E se òtograf ofisyèl sa a ke
chante alfabè kreyòl la entèprete.
Enpòtans
istorik:
Paske
Ayiti te yon koloni franse, se franse ki te toujou lang lekòl menm si gen, pou
pi piti, 90% Ayisyen ki pa pale franse. Ayiti te anba pouvwa Lafrans depi 1625
rive 1804. Apre yon revolisyon esklav ki te reyisi, Ayiti te vin endepandan.
Apre endepandans lan, sepandan, zafè leta ak edikasyon nan lekòl te kontinye
sèvi avèk lang franse a.
Materyèl
eskolè ak lòt resous pou edikasyon, se sa Ayiti toujou manke. Pa gen ase lekòl
piblik. Pa gen ase pwofesè ki byen kalifye.
Pifò pwofesè yo pa pale franse alèz.
E poutan se yo ki anchaj pou yo anseye an franse. Enpi se an franse tou pou yo anseye timoun yo
lekti ak ekriti. Limitasyon sa a
andikape timoun yo depi nan premye ane lekòl: lè yon timoun aprann li nan yon
lang ke li pa konn pale, sa difisil anpil pou timoun sa a vin bon lektè. E si yon timoun pa ka li byen, li pa fouti
vin maton nan okenn matyè, nan okenn lang.
Enpi tou,
gen pwoblèm lajan. Pifò paran pa gen
mwayen voye pitit yo nan bon lekòl.
Genyen ki pa menm kapab peye inifòm obligatwa lekòl la, oswa yo pa gen
lajan pou peye ata twal pou fè inifòm nan. Anpil timoun, se nan lekòl bòlèt y ale. Alòske moun nan klas privilejye yo pale
franse lakay yo. Ki fè timoun sa yo
aprann franse depi yo ti katkat. Fanmi sa yo gen mwayen pou peye bonjan lekòl
prive pou pitit yo, pou prepare yo pou bèl metye ak lòt pozisyon lelit. Sa ba yo mwayen pou transmèt pouvwa sosyal ak
pouvwa ekonomik bay pitit yo. Enpi, se kon sa fanmi sa yo ka asire yo ke pitit
yo, pitit pitit yo, elatriye, ap kontinye viv konfòtab.
Men sa
DeGraff esplike:
“N ap
pran yon ti souf tou piti pou le moman gras a nouvo pwogram gouvènman an k ap
bay lekòl ki gratis e ki obligatwa: Universal,
Free and Obligatory School Program (“PSUGO”). Men, nou toujou manke resous
pou tout popilasyon an.”
“Sa fè
apeprè 50 lane depi militan lang kreyòl yo ap goumen pou bay tout moun aksè
egal ego nan edikasyon. Sa se youn pami lòt
benefis ke tout Ayisyen ta dwe jwenn kòm sitwayen peyi a—benefis ke pèp la pa
ka jwenn lè lang franse a sèvi kòm sèl lang ekri nan biwo leta, lekòl,
inivèsite, ak lòt kote k ap kreye e k ap transmèt konesans ak pouvwa.”
“Ogmante
itilizasyon kreyòl nan edikasyon ak nan zafè leta, sa mande kokennchenn volonte
politik. Sa gen twò lontan depi yo inyore pwopozisyon pou refòm edikasyon nan
peyi a—pa egzanp, pwopozisyon refòm Bernard a ki te pran nesans an 1980. Youn
nan rezon refòm Bernard a pa te janm reyalize se akoz mank zouti ak mank resous
pou edikasyon an kreyòl. E poutan, tout
rechèch ki fèt montre jan lang matènèl timoun yo enpòtan nan edikasyon timoun
yo. Lang natif natal la se bon zouti pou
elèv yo aprann yon dezyèm lang tou. Pa
egzanp, se lang kreyòl la ki ta dwe ede pifò Ayisyen aprann franse.”
“Kounye
a, finalman, avèk inogirasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ansanm ak gwo jefò ke
Ministè Nasyonal Edikasyon ap fè sou lang kreyòl la, nou kapab espere ke nou va
itilize lang nasyonal nou an kòm yon lang ofisyèl tout bon vre e kòm yon zouti
djanm pou ansèyman kòmsadwa. Se sa lalwa
ak pwogram ofisyèl yo mande. Pa kapab
genyen devlopman ki dirab ann Ayiti si nou pa sèvi tout kote ak sèl lang sa a
ke tout Ayisyen pale—sèl lang sa a ki simante tout Ayisyen ansanm.”
Inisyativ
MIT-Ayiti a te fonde nan ane 2010 avèk objektif pou devlope, evalye enpi
distribiye resous teknolojik pou anseye matyè lasyans, teknoloji, jeni enpi
matematik (“STEM”) an kreyòl. Kreyòl la
se yon engredyan ki nesesè pou bon kalite ansanm ak aksè pou edikasyon ann
Ayiti. Resous sa yo va sèvi kòm zouti
pou pote chanjman ki va amelyore sistèm edikasyon Ayiti a.(1) Inisyativ
MIT-Ayiti a devlope metòd ak materyèl (videyo ladan tou) ki demontre avantaj ki
genyen lè lang kreyòl la sèvi pou pedagoji ki aktif. Avèk kolaborasyon Ministè
Nasyonal Edikasyon, Inisyativ la pwojte pou entegre aprantisaj aktif nan
ansèyman STEM toupatou nan peyi a. Se
kon sa n ap kapab kreye yon bon baz pou devlòpman ki dirab.
Lè nou
sèvi ak kreyòl alekri kòm aloral depi nan
premye ane lekòl, kontinye nan tout nivo akademik, rive jouk nan
inivèsite, sa va ede elèv yo aprann pi byen e sa va asire siksè elèv yo tou.
Chante alfabè kreyòl la se yon zouti ki enpòtan pou nou ranfòse sistèm
edikasyon peyi a e pou nou kreye Ayiti nou vle a.
(1)
DeGraff, Michel, July 2013
“MIT-Haiti Initiative Uses Haitian Creole to Make Learning Truly Active,
Constructive, and Interactive”
Krache Bondye , sa vle di benediksyon.
Yon moun gen dwa ap pase yon move moman enpi..... konsa konsa Bondye krache nan men yo ... ki vle di ke sitiyasyon gen dwa vin amelyore enpe.
Vè 1970/80 mwen te aprann ekri Kreyol la sèvi ak sistenm Pressoir-Faublas. (Mouin té konn ékri Kréyòl-la konsa.) Mwen te fèt nan NYC. M pa janm we peyi Ayiti. Mwen te konn volonte nan sant kominite pou ede rèfije yo. Mwen ansanye klas otograf Kreyòl la. Ositou, mwen montre rèfije pale Angle sinmp.
Pa gen Ayisyen isit di tou. Gen anpil moun etranjè. Men majòrite se blan Mèriken ou byin Èropyen. Ou pa we nèg nwa souvan.
Gen dè semin, m te vin manm "Facebook" pou m ta fè konesans Ayisyen. Madam mwen se Chinwa li ye. Se pou rezon sa, m pa t pale Kreyòl depi lontann lontann.
Gen sèlman youn semin, m te komanse etidye otograp ofisyel (IPN). M konnen nivo mwen tre ba. Chak jou m ap fè ti progre.
Vè 1970/80 m te patisipe nan manifèstasyon pou di gouvman Mèriken pa ede rejim Duvalier. Ositou pou klasifye Ayisyen kòm rèfije Kiben yo: rèfije politik; pa rèfije ekonòmik. Rejim nan deja gin foto mwen (ak anpil lòt moun); m pa vle mouri nan Forte Dimanche. Vè 1980s, mwe travay isit pou militè. Se isit m fè konesans madam mwen. Apre mariye li, m pa gen anpil kontak ak kominite Ayisyen.
Se sa ki istwa mwen."
Mandaly says:
Istwa w sanble ak istwa yon moun ki egzile lwen ras li men, malgre tout, mwen wè ou fè anpil zefò pou patisipe nan kominite Ayisyen an kit yo te Nouyòk (New York), Ayiti (Haiti) oubyen sou entènèt la. Mwen etone tande ou pako janm mete pye Ayiti. Ou pale bon Kreyòl la. Konpliman. .....Sanble lonbrit te antere Ayiti :)
Wi sa te toujou fè kè m mal lè Meriken te konn Akeyi Kiben enpi yo voye Ayisyen tounen lakay yo paske yo di se pou GRANGOU yo t'ap kouri. Mwen te toujou panse, "Wi, se pou grangou yo t'ap kouri. Yo pa prizonye politik. MEN .... SE PWOBLEM POLITIK PEYI A KI TE LAKOZ DEZOLASYON EKONOMIK LA. Donk, men jan ak Kiben yo se pwoblèm politik ki t'ap fè nou kite peyi nou tou." Antouka......
Mwen apresye kòmantè ou. Kontinye konsa. M'espere tande w ankò.
Yon gwo kout chapo bay tout fanmi ou kote ou ye a.
Cheri m konnen w trè byen. Sa’w genyen? Poukisa figi w fennen konsa?
Sweetie I know you very well. What's wrong? Why the sad face?
A! Se pa anyen ditou. M
pa gen anyen. M'anfòm.
It's nothing at all. Nothing's wrong. I'm fine.
Ou di w anfòm men figi w pa sanble sa. Pale avè m non.
You say you're fine but your face doesn't look it. Talk to mewon't you?
Dakò. Te’m rakonte w sa’k pase m. Di m kilès ki gen rezon.
Ok. Let me tell you what happened to me. Tell me who's right.
M’ap koute w.
I'm listening.
Jodi a nan travay la nou te genyen yon miting.
Today at work we had a meeting.
Anhan.
Bòs mwen t’ap fè yon prezantasyon an Kreyòl enpi yon anplwaye
etranje ki te la panche bò zòrèy mwen
pou mande m tradui sa bòs la t’ap di a. Sa’w kwè m fè?
My boss was making a presentation in Creole and a foreign employee that was there leaned in my ear to ask me to translate what the boss was saying. What do you think I did?
Ou te ede
anplwaye a?
You helped the employee?
Men wi . Mwen tradui
sa bòs mwen an t’ap di a. Sa w kwè k rive?
Yes. I translated what my boss was saying. What do you think happened?
Yes! it's as if you were there. He insulted me in front of everyone. He told me to shut up. I felt like a reprimanded child.
Bòs ou an gen rezon wi cheri. Ou pa ka pale pandan l’ap pale tou – si tout moun ap pale, pa gen moun k’ap
koute. Se youn oubyen lòt. Ouswa w’ap pale ouswa w’ap koute. Ou pa ka fè
toulede alafwa.
Your boss is right sweetie, you can't talk while he's talking. If everyone is talking no one is listening. It's one or the other. Either you're talking or listening. You can't do both at the same time.
O o sou bò ki moun ou ye menm?
Whose side are you on?
Mwen sou bò w cheri – men eske ou ta renmen gen yon odyans
k’ap pale pandan w’ap fè yon prezantasyon?
I'm on your side sweetie. But would you like to have an audience talking while you're doing a presentation?
Non men fò’w konprann sa’ m t’ap fè a te enpòtan tou.
No but you must understand that what I was doing was also important.
Menm si sa, pa fè yon lòt sa w pa ta renmen yo fè w. Ou
konnen sa trè byen.
Even then, "Don't do unto others, what you wouldn't want done unto you". You know that very well.
Bon kòm mwen wè se kritike ou vle kritike m jodi a, mwen
pral kouche kouche m. Ou mèt kouche sou sofa a aswè a.
Since I realize that all you want to to is to criticize me today, I'm going to lie down. You may lie down on the couch tonight.
O o Cheri! Mwen te fè erè. Se ou ki gen rezon. Se ou ki va toujou gen rezon.
Oh Sweetie! I was wrong. You were right. You will always be right.
A! li twò ta pou chanje lide.
Pase bòn nwi sou sofa a.
It’s too late to change your mind. Have a good night on the couch.
Your first word
“bay kou” means “to punch, to hit”
1. Bay
yon moun kou – to
hit someone
2. Li te ban m kou. – He hit me
3. Mwen te ba l kou. – I hit him.
You also use bay
kou (actually “bay kout …”) when
you strike with any object (tangible or not):
4. Bay
kou
– to punch, to strike, to hit someone
Li te ban mwen yon kou nan vant. – He hit me in the stomach
5. Bay
kout pwen – to strike
with the fist
Li ban m yon kout pwen. – She punched me with her fist.
6. Bay
kout pye – to kick with the feet
Li ban m yon kout pye. – She kicked me.
7. Bay
kout baton – to hit with
a club
kout
baton – a strike of
the club
Polis
la bay misye san (100) kout baton.-
The police officer hit the man with the club 100 times
8. Bay
kout sentiwon
– to hit with the belt
kout
sentiwon
– strike of the belt
Papa
m ban mwen 15 kout sentiwon.
– My father hit me with the belt 15 times.
9. Bay
kout dan(or mòde) – to bite
yon
kout dan–
a bite
Chen
an te bay pitit la yon kout dan. The dog bit the child.
Mesye
a bay pòm la yon gwo kout dan enpi tout dan l tonbe. – The man took a big bite out of
the apple and all his teeth fell out.
10. Bay
kout kouto
– to stab with a knife
11. Kout
manchèt – to stab with
a machete
12. Kout
chèz – to hit with
the chair
13. Kout
sandal – to hit with
sandals
Etc….
14. Kout
tèt is different. This expression means a "repeated bump of the
head when one’s trying to fall asleep, especially if they are sitting down."
Bay
kout tèt
– to bump one’s head repeatedly a a result of falling asleep
Pandan
misyonè a t’ap bay mesaj la tout moun ta ri paske
yo te kapab wè pastè legliz t’ap
bay kout tèt sou chè a.-
While the missionary was delivering the sermon everyone was
laughing because
they could see the church pastor falling asleep
on the pulpit.
Li
te sipoze etidye, men se kout tèt l’ap bay sou biwo li. - He was supposed to study, but
he’s falling asleep at his desk.
15. Bay
kout men
– to assist, to support, to sponsor
Kout
men – assistance,
help
Ban’m
yon kout men tanpri.
– help me please
Ban’m
yon kout men ak valiz la. Li lou anpil.
– Help me with the bag. It’s heavy.
16. Kout
lang – malicious gossip
Menm
si yo ba w kout lang pa okipe yo. Kwè nan tèt ou. Pa kite sa yo di deranje w. -
Even if they spread
malicious gossip about you don’t worry about it. Believe in yourself. Don’t let
what they say about you get to you.
17. Kout
pitit – when a women
try to pass another man’s child as the child of a man she’s already with.
Pitit
sa a pa sanble avè w ditou. Sanble madanm ou ba w yon kout pitit.- This child does not look like you
at all. Your wife lied to you.
18. Kout
je - a scornful look
Lè
fanm nan te antre nan legliz la tout moun t’ap koupe l kout je. Kongregasyon an
te bliye ke yo menm tou yo se pechè. - When the woman entered the church everyone
was looking down at her. The
congregation had forgotten that they also are sinners.
19. Kout
entelijan (or Kou entelijan)
– to outsmart someone
Machann
nan fè yon kou entelijan ak touris la. Misye vann fanm nan yon fo tablo pou
anpil lajan.-
The seller tricked the tourist. He sold her
a fake painting for a lot of money.
20. Kout
pa konprann
– to pretend to be naïve about something
Pa
vin ban’m okenn kout pa konprann la a. Ou konnen trè byen sa k’ap pase.
- Don’t play dumb with me you know very well what’s going on?
Saw genyen figi w kagou konsa? What’s wrong your face is so down and out? Why
do you look so down? M
santi lavi a mete pye sou kou m. Tout sa m fè pou m libere tèt mwen pa reyisi. I feel life has put a foot on my neck.Everything I do to free myself has been
unsuccessful. I feel that life has a foot on my neck.I’ve tried unsuccessfully to free myself. M pa janm tande w pale konsa avan.Sa’w genyen? I’ve never heard you talk like that before. What’s wrong? Janm travay di pou konmès mwen mache enpi sa pa janm fèt!Men kounye a m pral oblije fèmen biznis mwen.
M pa konn sa m va fè
kounye a.M pa janm reyisi nan anyen m
fè. Mwen toujou echwe nan tout sa m fè.Petèt m pa t fèt pou m gen siksè nan lavi a ditou. I’ve worked so hard for my business to
flourish and it’s never happened. So now
I’ll have to close my business.I don’t
know what I’ll do now. I never succeed in anything I do.I always fail at everything I do.Maybe I was not meant to be successful in
life at all. Saw’ap di la?Sanble ou deside fè bèk atè nèt? What are you saying?It’s seemed that you have totally surrendered. Men
wi, m fin dekourajenèt. Of course, I’m totally disappointed. Pa
dekouraje w zanmi m. Premye so pa so ditou.Ou ka kilbite plizyè fwa nan lavi a, men lè w tonbe se pa pou w rete atè a.Se pou w leve pou kontinye lite. Don’t be discouraged my friend.The first "fail" is no failure at all.You may stumble many times in life but when
you fall you shouldn’t stay down.You
must get up to continue to fight. Mwen
fin bay tout enèji m ak tout sa m te genyen .M pa gen fòs ki rete pou rekòmanse ankò. I have given all my energy and all that I
had.I don’t have strength left to
start over. Si
tout moun t’ap fè tankou w.Si yo te bay legen nan premye echèk yo fè anpil envasyon sou latè a pa t’ap egziste. If everyone was doing the same as you, if
they gave up at their first failures many inventions on earth wouldn’t have
existed. Men mezanmi si m’ap pede tonbe
leve konsa, moun va di se madichon ki nan kò m kifè m pa ka reyisi nan anyen. But If I keep going up and down like this
people would say that it’s a curse that makes me unsuccessful. Bliye sa tout moun panse oubyen
di – Se pa pou yo w’ap viv.Apre Granmèt
la se ou menm ki mèt tèt ou.Gade machè met fanm sou ou tande! Premye so pa so. Forget what everyone thinks or says.You’re not living for them. After God you are
your own master.Look my dear be
courageous you hear!The first fall is
no fall. Pou
m di w laverite sa se pa ni premye ni dezyèm so mwen pran non.Mwen kwè m
sou katriyèm oubyen menm senkyèm. To tell you the truth this is neither my
first nor my second fall. I believe I’m
on my fourth or even my fifth. Enben
se pa gwo zafè.Tank ou pran so se tank ou va jwenn divès fason pou pare so a. Well that’s no big deal.The more you fall, the more you’ll find diverse ways
to break the fall. A!
petèt yon jou m’a envante kouman moun pare so.Mèsi pou ankourajman
ou.Mwen te byen bezwen sa. Ah! Maybe one day I’ll invent ways for people
to break a fall. Thanks for your
encouragement.I really needed this. Pa
gen pwoblèm.Kontinye eseye e kenbe la. No problem.Keep trying and hang in there.
Valè, in Haitian Creole, translates worth,
value, cost, price
It also translates many, so many, plenty, an
abundance, a large number
We’ll concentrate on this second translation as this is what’s
used in the audio post.
Here are some examples of using “valè” to
translate ….many or a large number, …. As
it is used in the audio post:
In these first groups of examples, we use it to say “large
quantity”:
1.
Gen yon valè moun ki pa konn li nan peyi sa a.
– There are a number of people that do not know how to read in this
country.
2.
Mwen gen yon valè bib lakay mwen, m’a prete
w youn. - I have many bibles at home, I’ll lend you
one.
Sometimes we say “pou valè” – basically ….for the amount or
because of the amount…..
3.
Pou valè bagay mwen gen pou‘m fè jodi a, m pa kwè m’ap
kapab ede w. – Because of the many things I have to do
today, I don’t think I’ll be able to help you.
4.
Pou valè mechanste m tande ou fè, m pa kwè m ka
fè w konfyans - For the amount of wickedness I’ve heard
that you’ve committed I don’t think I can trust you.
And sometimes we use “Valè” before a noun where it means …so many, many, a
great undefined number, …
5.
Valè moun ou genyen nan fanmi w, enpi ou pa't ka
jwenn youn ki ka ede w - You have so many people in your
family, and you couldn’t find one that can help you.
6.
Valè malonèt yo fè w, enpi ou retounen isit la toujou.Ou pa gen nen nan figi w. - In
spite of all the insults thrown at you, you still come back here.You have no shame.
7.
Valè Ayisyen ki gen nan sal la, enpi pa menm gen
youn ki ka pale yon bon Franse.M twouve
sa dwòl.. - All these Haitians in a room and not even one can
speak perfect French.I found that
bizarre.
Mezanmi, Mariette toujou kè pòpòz. Li pa janm gen kè sote. Mariette is always calm. She's never anxious.
Ou menm nenpòt ti bagay kontrarye w. Dis min toujou mare nan fwon w. Lè w gen pwoblèm, men longè bouch ou. As for you, anything little thing upsets you. You always have a frown on your face. When you have problems, your lips are that long (pouting).
Se lavi a k'ap malmennen m pitit. Kanta pou Mariette, m pa konnen kouman fè li pa janm kite anyen twouble l. M'ap mande m kijan l fè l. Life isn't good to me child. As for Mariette, I don't know how come she never lets anything trouble her. I wonder how she does it.
Enben petèt li pa gen okenn tèt chaje nan lavi l. Well maybe she doesn't have any problems in her life.
Okontrè, dam sa a plen pwoblèm. Li pa viv lasante. Bòs li toujou ap ba l presyon nan travay li. E mari l ap fè l pase nan je zegwi. To the contrary, this woman has a lot of problems. She's not in good health. Her boss is always giving her pressure at work. And her husband does not treat her that well.
Petèt li se milyonè, li pa gen pwoblèm lajan. Maybe she's a millionaire, she doesn't have money problem
Se pa sa. Moun ki milyonè pa fè kalite dyòb l'ap fè a. Enpitou bil li men wotè. That's not it. Millionaires don't do the type of job she's doing. And her bills are that high.
Petèt se medikaman li pran pou l kalme l. Maybe she takes medication to stay calm.
Non. Si l t'ap pran medikaman li ta soule tout tan. Men li toujou ap souri. Kèlkeswa sa k pase li li toujou rete trankil. Li pa janm pèdi sanfwa l. Kè l pa janm kase. Kè l toujou poze. Sa k fè sa? No. If she was taking medication she'd be drowsy all the time. But she's always smiling. Whatever happens to her, she is always temperate. She never loses her cool. She's never anxious. She's always poised. Why is that?
Enben, sanble li jwenn sekrè lavi a. Well it seems that she has found the secret to life.
Sekrè lavi a? Kounye a ou vle di m ou konn sekrè linivè antye? The secret to life? Now you mean to tell me that you know the secret of the entire universe?
M pa ka di w m konnen l men m gen yon lide. I can't tell you that I know it but I have an idea.
Ki sa l ye? Di m li tanpri pou m ka gen lajwa tou. What is it? Tell it to me please so that I may also have joy.
Gen yon pwovèb Ayisyen ki di, "Rete trankil se remèd kò". M panse sekrè lavi a nan pwovèb sa a. Pa chaje tèt ou, rete kè pòpòz. Se sekrè a. There's a Haitian proverb that says, "Being serene is the body's remedy". I think the secret to life is in this proverb. Don't trouble yourself, remain calm. That's the secret.
Enben konpliman Monchè. Pou valè moun k'ap chache sekrè lavi a enpi se ou k jwenn ni. Se pou w vann sekrè sa a bay tout moun konsa nou va rich e mwen finalman va gen kè kontan tankou Mariette. Well congratulations my dear. So many people are looking for the secret to life and it is you that finds it. You must sell it to everyone so that we will be rich and I'll finally be as happy as Mariette.
Eske w sèten Mariette se pa bonnanj ou? Are you sure Mariette isn't your spirit (alter ego)?
W'ap pase m nan betiz. M p'ap okipe w. M'ap rete kè pòpòz. You're making fun of me. I won't pay attention to you. I will stay calm. Track: Sa nou ye? by Fernand Marlu